Lavi yon nonm sou latè, se tankou sèvis militè l'ap fè. Li tankou moun k'ap vann jounen! Li tankou yon esklav k'ap tann lannwit pou l' poze, tankou yon travayè k'ap tann kòb jounen travay li. Depi kèk mwa, m' pa wè poukisa m'ap viv. Tout lannwit se soufri m'ap soufri. M' poko kouche nan kabann mwen, m'ap mande kilè pou l' jou. Nwit la long. M' pa ka dòmi, yon bann vye lide ap pase nan tèt mwen jouk solèy leve. Tout kò m' plen vè ak gwo plak bouton toupatou. Po m' fann fann, l'ap bay postim. Jou m' yo pase pi vit pase zegwi nan men moun k'ap maye senn. Yo disparèt, pa gen anyen m'ap tann ankò. Bondye o! Pa bliye, lavi m' tankou yon nwaj k'ap pase. Lè m'a fèmen je m', mwen p'ap janm kapab jwi lavi a ankò. Ou wè m' koulye a, men ou p'ap janm wè m' ankò. W'a chache m', ou p'ap jwenn mwen. Tankou yon nwaj ki ale nèt, ki disparèt, lè yon moun mouri, pa gen leve pou li ankò. Li p'ap janm tounen lakay li. Moun lakay li tou bliye l'. Se poutèt sa, m' pa ka pa pale. Kè m' sere. Kite m' pale pale m'. Lapenn kaye nan kè m'. Kite m' plenyen plenyen m'. Poukisa ou mete moun veye m' konsa? M' pa lanmè. M' pa gwo bèt lanmè. M' te di nan kè m': M' pral lage kò m' yon kote. M'a pran yon ti kanpo. Si m' dòmi, m'a jwenn yon ti soulajman! Men, ou fè m' fè yon bann vye rèv k'ap fè m' pè. M'ap fè yon bann vye vizyon k'ap fè m' tranble. Lè konsa, pito moun te trangle m'. Pito m' te mouri pase pou m' soufri tout doulè sa yo. Se fini m'ap fini. Fòk mwen mouri yon jou! Kite m' pou kont mwen. Lavi m' prèt pou bout! Kisa lèzòm ye pou ou pran ka yo konsa? Kisa yo ye menm pou w'ap okipe yo konsa? Chak maten ou pase wè jan yo ye. Chak lè, w'ap gade nan fon kè yo, w'ap sonde yo. Kilè w'a sispann gade m'? Ban m' yon ti souf non kont pou m' vale krache m'! Si m' fè peche, kisa m' fè ou? Di m' non, ou menm k'ap veye tou sa moun ap fè? Poukisa w'ap plante tout flèch ou yo nan kò m' konsa? Poukisa ou fè m' tounen yon chay pou ou? Se sipòte ou pa ka sipòte ankò sa mwen fè ki mal? Se padonnen ou pa ka padonnen peche m' yo? Talè konsa mwen pral anba tè. W'a chache m', ou p'ap jwenn mwen ankò.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.