Eliyou pran lapawòl ankò. Li di konsa: -Nou menm moun lespri yo, koute sa m'ap di nou! Nèg save yo, louvri zòrèy nou! Zòrèy konnen lè pawòl bèl menm jan bouch konnen lè manje gou. Annou wè kote jistis la ye. Ann mete rezon an kote pou l' ye a. Jòb pretann li nan dwa li, se Bondye ki derefize rann li jistis. Li di: Si m' di m' antò, se manti m'ap bay. Mwen malad pou m' mouri. Men, m' pa fè anyen ki mal. Ou janm jwenn yon moun tankou Jòb? L'ap pase verite Bondye a nan betiz alèz tankou si se dlo l'ap bwè. Li fè bann ak moun k'ap fè mechanste yo. L'ap pwonmennen ansanm ak malveyan yo. Se li menm menm ki di ak bouch li: Sa pa rapòte anyen, lè yon moun ap chache fè volonte Bondye. Nou menm ki gen lespri, koute sa m'ap di. Bondye pa ka fè mechanste. Bondye ki gen tout pouvwa a pa ka nan patipri. Li bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Li aji ak yo dapre jan yo mennen bak yo. Non! Bondye pa janm fè sa ki mal. Bondye ki gen tout pouvwa a pa nan paspouki. Se pa yon lòt moun ki te bay Bondye pouvwa pou l' gouvènen latè, ni se pa yon lòt moun ki te mete tou sa ki egziste sou kont li. -(we vèsè pwochen) Si Bondye te kenbe souf ki bay lavi a pou tèt li, yon sèl kou a, bèt kou moun ta mouri. Yo ta tounen pousyè tè ankò. Si nou gen bon konprann, koute sa byen. Louvri zòrèy nou pou nou tande sa m'ap di. Eske n'ap kondannen Bondye ki gen tout pouvwa a, epi k'ap rann jistis la? Eske yon moun ki pa vle wè jistis ka gouvènen? Bondye pini wa yo lè yo fè sa ki mal. Li pini gwo chèf yo lè yo fè mechanste. Li pa nan achte figi chèf yo. Ou te mèt pòv, ou te mèt rich, pa gen diferans pou li, paske se li menm ki fè yo tout. Yo rete konsa yo mouri, yo ale nan mitan lannwit. Pèp la annik souke kò l', yo disparèt. Bondye touye gwo chèf yo san li pa leve ti dwèt li. L'ap veye tout vire tounen lèzòm. L'ap gade tout kote y'ap mete pye yo. Pa gen ankenn fènwa, ni ankenn lonbray ki ka anpeche l' wè sa mechan yo ap fè. Li pa bezwen voye manda bay moun pou yo prezante devan l' pou l' jije yo. Li pa bezwen nan chache konnen pou l' kraze chèf yo, lèfini pou l' mete lòt moun nan plas yo. Paske li konnen dènye sa yo fè. Yon jou lannwit konsa, li desann yo li pilonnen yo anba pye l'. Li souflete yo tankou malfektè nan mitan lari pou tout moun ka wè. Paske yo te vire do ba li, yo te fè tankou yo pa konnen lòd li bay yo. Yo fè, yo fè jouk pòv yo rele mande Bondye sekou, jouk Bondye tande jan piti yo ap rele anba men yo. Men, si Bondye rete san l' pa fè anyen, ki moun ki ka di l' kichòy? Si li kache kò li, ki moun ki ka wè l'! Men, pa pè! L'ap veye sou tout moun nan tout peyi. Li p'ap kite move chèf gouvènen yo, li p'ap kite yo tann pèlen pou pèp la. Men, si yon mechan pale ak Bondye, si li di l': -Wi, mwen te fè sa ki mal. Mwen p'ap fè sa ankò. Tanpri. Louvri je m'. Fe m' wè sa m' fè a. Si mwen te aji ak mechanste, mwen p'ap rekonmanse ankò. Dapre ou, Jòb, èske se pou Bondye pini l'? Mwen mande ou sa paske m' konnen ou pa dakò ak sa Bondye fè a. Men, se ou menm ki pou deside. Pa mwen menm. Manyè di m' sa ki nan kè ou. Moun lespri ansanm ak moun bon konprann k'ap koute m' yo va di m' konsa: Jòb ap pale anpil, men li pa konn sa l'ap di. Tou sa l'ap di yo pa gen ni pye ni tèt. Egzaminen byen tou sa Jòb di la a. N'a wè li pale tankou yon moun ki mechan nan kè l'. Li fin fè kont peche l', koulye a l'ap kenbe tèt ak Bondye. L'ap seye fè nou konprann li pa antò. L'ap plede fè Bondye remontrans.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.