Poukisa Bondye ki gen tout pouvwa a pa fikse yon dat pou li jije tout moun, yon jou pou li rann tout moun k'ap sèvi l' yo jistis? Mechan yo deplase bòn tè moun. Yo vòlò mouton lòt moun, mete ansanm avèk bann mouton pa yo. Yo pran bourik ki pou timoun san papa yo. Yo sezi bèf vèv la jouk li resi peye dèt li. Yo enpoze pòv yo jwenn sa ki vin pou yo. Yo fòse tout pòv malere kouri al kache. Tankou bourik mawon, pòv yo soti al nan dezè a, y' al chache lavi pou pitit yo ki grangou. Pa gen lòt kote yo ka ale. Y'ap ranmase rekòt pou lòt moun. Y'ap keyi rezen nan jaden pou mechan yo. Lè yo toutouni, yo pa gen rad pou mete sou yo. Lannwit, yo pa gen anyen pou chofe kò yo lè yo frèt. Lapli k'ap tonbe sou mòn yo mouye yo jouk nan zo. Yo kwoupi kò yo dèyè wòch pou pare lapli. Mechan yo wete timoun san papa yo nan men manman yo pou fè yo tounen esklav. Yo pran rad pòv malere yo pou garanti dèt yo. Pòv yo menm ap mache yon men devan yon men dèyè, san rad pou mete sou yo. Y'ap mache ranmase rekòt nan jaden, men y'ap mouri grangou. Nan lakou mechan yo y'ap moulen grenn oliv fè lwil. Y'ap kraze rezen fè diven. Men y'ap mouri swaf dlo. Nan lavil yo, ou tande moun k'ap mouri yo ap plenn. Ou tande moun ki blese yo ap rele anmwe. Men, Bondye fè tankou li pa tande yo. Se moun sa yo ki pa vle wè limyè a. Yo derefize konprann limyè a. Yo pa vle pran chemen limyè a nan tou sa y'ap fè. Anvan bajou kase, ansasen an gen tan leve, pou li al touye pòv malere yo. Lannwit, se vòlò l'ap mache vòlò. Mouche marye k'ap fè adiltè a ap tann solèy kouche konsa. Li bouche figi l' pou pesonn pa wè l'. Lannwit, vòlè ap kraze kay moun. Lajounen yo kache, y'ap kouri pou solèy. Yo pè limyè lajounen an. Men, pa gen anyen ki pou fè yo pè nan fènwa a. Lè sa a, Sofa di konsa: -Men dlo desann pote mechan yo ale. Madichon Bondye tonbe sou tout tè ki pou yo. Yo pa soti al travay nan jaden rezen yo. Menm jan chalè fonn lanèj, lèfini tè sèk bwè dlo a, se konsa moun k'ap fè peche yo ap disparèt ale nan peyi kote mò yo ye a. Tout moun bliye yo. Ata manman ki fè yo pa chonje yo. Se vè k'ap manje kadav yo. Yo fini tankou yon pyebwa yo koupe jete. Tou sa rive konsa, paske li maltrete fanm ki pa ka fè pitit. Li san pitye pou vèv yo. Lè sa a, Bondye detwi gwo chèf yo ak fòs ponyèt li. Li annik parèt, mechan an konnen li mouri. Bondye kite l' viv alèz san pwoblèm, men, se toutan l'ap veye tou sa l'ap fè. Zafè mechan yo mache byen pou yon tan. Men, apre sa, yo fennen tankou zèb savann, tankou tèt ble yo koupe. Si se pa konsa sa ye, ki moun ki ka demanti sa m' di la a? Ki moun ki ka fè wè pawòl mwen yo pa vo anyen?
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.