Jòb pran lapawòl ankò, li di l' konsa: -Ou gen tan konn konsole moun ki nan lafliksyon! Ou gen tan konn lonje men bay moun ki san fòs! Ala bon konsèy ou bay moun ki san konprann lan! Ou gen tan gen anpil konesans nan ou! Men, pou ki moun tout bèl diskou sa yo? Ki moun ki mete pawòl sa yo nan bouch ou? Bildad pran lapawòl ankò li di: -Nanm moun mouri k'ap viv nan fon lanmè a ap tranble anba tè a. Peyi kote mò yo ye a louvri aklè devan je Bondye. Pa gen anyen ki pou anpeche Bondye wè sa k'ap pase ladan l'. Se li menm ki louvri syèl ki sou bò nò a anlè, san anyen pou soutni l'. Li pandye tè a ankò san anyen pou kenbe l'. Se li menm ki plen nwaj yo dlo. Se li menm ki pa kite pèz dlo a pete nwaj yo. Se li menm ki kache lalin plenn lan dèyè yon nwaj. Se li menm ki trase yon wonn sou lanmè a, li separe limyè ak fènwa. Lè li bay poto ki soutni syèl la yon prigad, yo sezi, yo pran tranble sitèlman yo pè. Avèk fòs ponyèt li, li fè lanmè a vin dou devan li. Avèk ladrès li, li kraze Raab, gwo bèt lèd la. Avèk souf li, li fè syèl la vin klè. Avèk men li, li touye gwo koulèv ki t'ap kouri chape a. Sa se yon ti kal nan tou sa li fè. Se sa ase ki resi rive nan zòrèy nou! Men, ki moun ki ka konnen tou sa Bondye fè?
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.