Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa: -Jòb monchè, ou menm ki t'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a, ou p'ap kite pou li? Ou menm ki t'ap kritike Bondye a, ou vle reponn li koulye a? Jòb reponn Seyè a, li di l' konsa: -Mwen pa t' konn sa m' t'ap di. Kisa pou m' reponn ou? Se fèmen pou m' fèmen bouch mwen. Mwen pale twòp deja. Mwen pa gen anyen pou m' di ankò. Seyè a rete nan van tanpèt la, li pale ak Jòb ankò. Li di l': -Koulye a, kanpe! Mete gason sou ou! Mwen pral poze ou keksyon, se pou ou reponn mwen. Eske ou soti vre pou moutre se lenjistis m'ap fè ou? Se mwen menm ki antò, ou menm ou gen rezon? Eske ou gen menm fòs avè m'? Eske vwa ou ka gwonde tankou vwa pa m'? Si se konsa, kanpe non! Kenbe tèt ou byen dwat! Gade tout moun nan je! Mete chèf sou ou! Fè wè pouvwa ou! Gade moun k'ap gonfle lestonmak yo nan je. Move sou yo! Kraze kouraj yo! Wi. Gade yo nan je. Fè yo bese tèt yo! Kraze mechan yo la kote yo ye a! Mete yo tout anba tè. Mare bouch yo tout nan twou kote mò yo ye a. Lè sa a, mwen menm, m'a fè lwanj ou, dèske avèk pwòp fòs ou ou te rive kraze yo. Gade gwo bèt lèd yo rele Beyemòt la. Se mwen ki fè l', menm jan se mwen ki fè ou. Se zèb li manje tankou bèf. Tout fòs li, se nan ren l'. Tout kouraj li, se nan venn vant li. Ke l' kanpe tankou yon pye sèd. Venn janm li yo fè boul. Zo l' yo di tankou fè tiyo. Janm li yo tankou de bout fè. Nan tout bèt mwen fè, se li ki pote premye pri. Se mwen ki kreye l' la sèlman ki ka fè l' bat ba. Li manje zèb ki pouse sou mòn kote lòt bèt nan bwa ap pran plezi yo. Li kouche anba raje. Li kache nan mitan wozo marekay yo. Raje yo fè lonbray pou li. Pye sikren bò larivyè yo ap pwoteje l'. Larivyè ap desann, sa pa di l' anyen. Larivyè Jouden gonfle rive wotè bouch li, li kè pòpòz. Ki moun ki ka pete je l' pou mete men sou li? Ki moun ki ka pèse bwa nen l' ak yon fwenn bwa.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.