Men koulye a, moun ki pi jenn pase m' yo ap pase m' nan rizib. Papa yo se moun mwen pa t' pran pou anyen, moun mwen pa ta menm mete ak chen m' pou gade mouton. Epitou, yo te twò fèb pou fè anyen pou mwen. Se te yon bann gason san kouraj. Mizè ak grangou te fini ak yo. Lannwit se grenn bwa yo te konn al souse nan savann kote moun pa rete. Yo pran fèy raje pou yo manje. Ata rasin bayawonn pase. Kote yo pase moun mete yo deyò, yo rele bare dèyè yo tankou vòlè. Yo te blije al rete nan twou wòch, nan twou tè sou bò ravin yo. Y'ap rele tankou bèt mawon nan raje a. Yo fè pil sou pil nan savann lan. Se te yon bann sanzave ki pa t' menm gen non. Yo te mete yo deyò nan peyi a. Koulye a, y'ap fè chante sou mwen. Y'ap bay istwa sou do m'. Yo pè pwoche bò kote m' pou m' pa sal yo. Yo menm krache nan figi m'. Paske Bondye kraze kouraj mwen, li lage m' atè, kifè, mapou tonbe, kabrit manje fèy li. Bann moun sa yo leve dèyè m', y'ap fè m' kouri. Yo lage dèyè m' pou yo pran m'. Yo sènen m' toupatou pou yo ka fini avè m'. Pa gen pesonn pou di yo pa fè sa. Yo pase nan fant barikad, yo tonbe sou mwen. Yo pilonnen m' anba pye yo. Yon sèl latranblad pran mwen. Tankou yon kout van li kraze kouraj mwen. Tankou yon nwaj k'ap pase, tout byen m' yo disparèt. Koulye a, mwen prèt pou m' mouri. Lafliksyon ap fini avè m'. Lannwit, tout zo nan kò m' ap fè m' mal. Doulè ap manje m' anndan san rete. Bondye ponyen m' nan kòlèt, l'ap chifonnen tout rad sou mwen. Li voye m' jete nan labou. Mwen pa pi bon pase pousyè tè ak sann dife. Mwen rele nan pye ou, Bondye! Ou pa reponn mwen. Mwen kanpe devan ou, ou pa okipe m' menm. Ou pa menm moun lan ankò. W'ap malmennen m'. Ou soti pou pèsekite m' ak tout fòs ou. Ou fè van pote m' ale. M'ap vole tankou pay. Ou voye yon van tanpèt boulvèse m'. Wi, mwen konnen byen pwòp w'ap mennen m' pou m' al mouri, pou m' al sibi sò k'ap tann tout moun lan. Poukisa w'ap atake yon moun ki tou fin mouri, yon moun ki pa ka fè anyen ankò pase mande padon? Eske mwen pa t' nan lapenn ansanm ak moun ki te nan mizè? Eske kè m' pa t' fè m' mal pou moun ki pa t' gen anyen menm yo? Mwen t'ap tann kontantman, se malè ki vini. Mwen t'ap tann limyè, se fènwa ki kouvri m'. Tout zantray mwen ap bouyi san rete. Chak jou m'ap soufri pi rèd. M'ap mache kagou, san pesonn pou konsole m'. Mwen kanpe nan mitan tout moun, m'ap mande sekou. Vwa mwen tankou vwa koukou. Mwen rele tankou frize. Po m' vin tou nwa, l'ap dekale. Lafyèb ap manje m' nan zo. Lontan se mizik gita ak fif ase ki te nan zòrèy mwen. Men, koulye a, se plenn, se kriye ase m'ap tande.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.