Lè konsa, kè m' ap bat. M' santi l'ap rache. Nou tout, koute vwa Bondye! Koute jan l'ap gwonde! Zèklè a kouri nan tout syèl la. Li klere dènye bout latè. Apre sa, yo tande vwa li ap gwonde. Loraj la gwonde avèk fòs. Lè konsa, zèklè fè mikalaw. Lè Bondye ap pale konsa, li fè bèl bagay, bagay nou pa ka konprann. Li bay lanèj lòd kouvri latè. Li bay gwo lapli lòd tonbe. Li fè tout moun sispann travay. Li fè yo wè sa se travay pa l'. Tout bèt antre nan twou. Y' al kache kò yo nan nich. Van tanpèt soti nan sid. Van frèt soti nan nò. Souf Bondye fè dlo tounen glas. Konsa, tout dlo tounen glas. Zèklè yo ap fè yan nan nwaj yo. Nwaj yo klere byen lwen. Bondye fè yo vire nan syèl la jan li vle. Yo fè tou sa li ba yo lòd fè toupatou sou latè. Bondye voye lapli pou wouze latè. Li voye l' pou pini moun, li voye l' pou beni yo tou. Louvri zòrèy ou, Jòb, pou ou tande sa m' pral di la a. Pran tèt ou, egzaminen bèl travay Bondye yo byen. Eske ou konnen ki jan Bondye ba yo lòd, ki jan li fè zèklè yo klere nan nwaj yo? Eske ou konnen ki jan nwaj yo fè flote nan syèl la? Sa se yon bèl bagay. Pou ou fè l' fòk ou gen anpil ladrès. Lè van cho ki soti nan sid la ap kwit tè a, ou santi rad sou ou ap boule tout kò ou. Eske ou ka ede Bondye louvri nwaj yo nan syèl la, pou fè yo di tankou bout fè? Fè m' konnen sa pou nou di Bondye. Lespri nou vid. Nou pa gen anyen pou nou di l'. Mwen pa mande pou m' pale ak Bondye. Poukisa pou m' ba li okazyon pou li touye m'? Ou rete konsa ou pa wè solèy la. Li kache anba nwaj yo. Yon van leve, li fè solèy la klere ankò. Yon bèl klète, klere kou lò, parèt sou bò nò. Nou wè Bondye kanpe nan mitan yon bèl limyè ki fè nou pè. Nou pa ka pwoche bò kote Bondye ki gen tout pouvwa a. Li sèl gwo chèf, li sèl jij, li pa nan patipri. Li p'ap kondannen yon moun ki inonsan. Se poutèt sa, tout moun fèt pou gen krentif pou li. Li p'ap okipe moun ki pretann yo gen bon konprann.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.