Eliyou pran pale ankò, li di konsa: -Pran yon ti pasyans. Kite m' fè yon ti pale ankò, paske m' poko fin di sa m' gen pou m' di pou pran defans Bondye. Mwen pral sèvi ak tou sa mwen konnen pou m' moutre ou se Bondye ki kreye m' lan ki gen rezon. Mwen p'ap bay manti nan sa m'ap di la a. Se yon nonm ki gen anpil konesans k'ap pale avè ou la a. Bondye gen pouvwa. Li pa meprize pesonn. Pa gen anyen li pa konprann. Li p'ap kite mechan yo viv lontan. Li toujou aji ak pòv yo san patipri. Li defann kòz moun ki mache dwat yo. Li mete yo chèf pou yo gouvènen tankou wa. Toutan tout moun ap pale byen pou yo. Men, si Bondye mete yo nan chenn, si lafliksyon makònen nan tout kò yo, Bondye va louvri je yo pou yo ka wè tou sa y'ap fè a. Li moutre yo se lògèy k'ap fè yo fè peche. Li pale nan zòrèy yo pou avèti yo. Li mande yo pou yo sispann fè sa ki mal. Si yo koute Bondye, si yo soumèt devan li, y'a viv rès lavi yo nan kè kontan ak nan plezi. Si se pa sa, y'ap rete konsa y'ap mouri. Y'ap desann kote mò yo ye a san yo pa konnen. Men, mechan yo ap fè tèt di. Yo fache pi rèd. Yo te mèt anba kou, yo p'ap mande sekou. Yo jenn gason toujou, yo gen tan mouri. Yo t'ap mennen yon lavi dezòd. Men, Bondye pran soufrans lan, li sèvi avè l' pou li moutre lèzòm anpil bagay. Se lè yo anba tray, li louvri lespri yo. Ou menm tou, Bondye vle wete ou nan gwo lapenn sa a, pou ou ka rive gen jwisans san moun pa chache ou kont. Te gen yon lè tab ou te chaje ak bon manje. Lè sa a, ou te fè menm lide ak mechan yo. Koulye a, yo pral pini ou jan ou merite l' la. Veye zo ou! Pa kite richès vire tèt ou ankò! Pa kite yo achte ou ak lajan osinon ak gwo kado! Se pou ou jije tout moun, rich kou pòv, gwonèg la tankou nèg fèb la. Pa kraze moun ki pa anyen pou ou pou mete fanmi ou nan plas yo. Atansyon pou ou pa fè sa ki mal. Se pou sa menm w'ap soufri konsa. Gade jan Bondye gen anpil pouvwa. Pa gen pi gran mèt pase l'. Pesonn pa ka di Bondye sa pou l' fè. Pesonn pa ka di l' sa l' fè a mal. Se pou ou fè lwanj travay li pito, tankou tout moun toujou fè l' la. Se bèl bagay pou tout moun wè. Yo rete byen lwen, y'ap gade. Wi. Nou p'ap janm ka fin konprann jan Bondye gen pouvwa! Nou p'ap janm ka fin konnen depi kilè Bondye la. Se li menm ki rale dlo sou latè, ki fè l' tounen vapè nan nwaj yo pou bay lapli. Lèfini, li kite lapli soti nan syèl la tonbe sou tout moun sou latè. Pesonn pa konnen ki jan nwaj yo fè deplase, ki jan loraj fè gwonde nan syèl kote Bondye rete a. Li kouvri syèl la ak nwaj yo. Li kouvri tout tèt mòn yo. Se konsa li bay pèp la manje. Li ba yo manje an kantite. Li kenbe zèklè yo nan pla men li. Li bay lòd pou loraj tonbe kote li menm li vize a. Loraj la anonse move tan. Ata bèt yo santi move tan an ap vini.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.