Lè sa a, Elifaz, moun lavil Teman an, pran lapawòl. Li di konsa: -Eske yon moun ka itil Bondye? Non! Ata moun ki gen bon konprann yo, se tèt yo ase yo itil. Lè ou fè sa ki byen, ki enterè Bondye ki gen tout pouvwa a jwenn nan sa? Sa sa rapòte l' lè ou mennen bak ou dwat? Eske se paske ou gen krentif pou Bondye kifè l'ap rale zòrèy ou konsa, kifè l'ap trennen ou nan tribinal li? Non. Se paske ou fè anpil peche. Se paske ou te san limit nan fè mechanste. Ou fè frè ou ba ou garanti pou lajan li pa t' dwe ou. Ou pran ata rad ki sou li, ou kite l' toutouni. Ou refize bay moun ki te swaf yo ti gout dlo. Ou refize bay moun ki te grangou yo moso pen. Ou pwofite fòs ou ak pozisyon ou pou pran tout peyi a pou ou. Ou refize lonje men ou bay vèv yo. Ou maltrete timoun ki san papa yo. Se poutèt sa, kote ou rive se pèlen yo pare pou ou. Ou rete konsa, kè ou kase. Sitèlman fè nwa, ou pa ka wè. Ou nan dlo jouk nan kou! Eske se pa anwo nèt nan syèl la Bondye rete? Se anba pou li voye je l' pou l' ka wè zetwal yo. Ou konn sa, epi w'ap di: Sa Bondye ka konnen? Li kache dèyè nwaj yo, ki jan pou l' jije sa k'ap pase sou latè? Nwaj yo twò pwès, li pa ka wè. Se sou fetay syèl la l'ap mache. Ou vle mache pye pou pye dèyè mechan yo, nan move chemen yo te toujou pran depi lontan an! Yo mouri anvan lè yo tou. Yo tankou lavalas: anvan ou bat je ou, yo pase. Yo menm tou yo t'ap di Bondye: Wete kò ou sou nou! Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ka fè nou? Atò, se Bondye menm ki te plen kay yo ak richès. Mwen pa janm konprann ki jan mechan yo ka fè di sa. Men, lè y'ap pini mechan yo, moun ki mache dwat yo va kontan, inonsan yo va pase yo nan rizib. Gade jan grannèg yo fini non! Dife boule tou sa yo te genyen. Jòb monchè, byen ak Bondye ankò, tande! Sispann chache l' kont! Koute pawòl li t'ap di ou yo. Kenbe yo nan kè ou. Wi, tounen vin jwenn li, san lògèy nan kè ou. Sispann fè sa ki mal lakay ou. Voye tout lò ou jete nan fatra. Pi bon pyès lò ou yo, jete yo nan galèt larivyè. Se Bondye ki gen tout pouvwa a ki va tout lò ou. Se li menm ki va gwo pil lajan byen wo pou ou. Paske, lè sa a, se nan Bondye ki gen tout pouvwa a w'a jwenn tout plezi ou. Se sou Bondye w'a toujou gade. Lè w'a lapriyè nan pye l', l'a reponn ou. W'a kenbe tout pwomès ou fè l' yo. Tout zafè ou va mache byen. Limyè va klere byen bèl sou tout wout ou. Bondye kraze lògèy moun awogan. Men, li sove moun ki bese tèt devan li. L'ap delivre ou si ou inonsan. L'a sove ou, si ou pa janm sal men ou nan anyen.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.