Jòb pran lapawòl, li di: -Apa nou k'ap pale pou pèp la! Mouri nou mouri, bon konprann kaba! Men, mwen menm tou, mwen gen lespri menm jan avè nou. Mwen pa pi mal pase nou. Sa nou sot di la a, tout moun konnen l'. Koulye a, menm zanmi m' ap pase m' nan rizib. Y'ap ri m', mwen menm yon moun Bondye pa gen anyen pou l' repwoche, yon moun Bondye te konn reponn lè m' rele l'. Se konsa, moun ki pa nan pwoblèm meprize moun ki nan lafliksyon. Yo wè yon moun k'ap tonbe, yo ba l' bourad fè l' tonbe pi vit. Piyajè yo byen trankil lakay yo. Moun k'ap fè Bondye fache yo ap viv alèz. Bondye yo se fòs ponyèt yo. Manyè fè ti koze ak zannimo yo, ak zwezo yo. Yo gen anpil bagay pou yo moutre nou. Bèt k'ap trennen sou vant va ban nou leson, pwason nan lanmè va di nou sa yo konnen. Pa gen yonn ladan yo ki pa konnen se Bondye ki fè tout bagay ak men li. Bondye gen nanm tout sa ki vivan nan men li. Wi, lavi tout moun nan men li. Bèl pawòl fè plezi zòrèy menm jan bon manje gou nan bouch. Yo di se vye granmoun ki gen konesans, se laj ki bay bon konprann. Men, Bondye gen konesans, lèfini li gen pouvwa. Li gen bon konprann, lèfini li fè sa li vle. Lè Bondye kraze yon bagay, pesonn pa ka refè l'. Lè li mete yon moun nan prizon, pesonn pa ka lage l'. Lè li pa bay lapli, sèk tonbe sou latè. Lè li bay lapli, dlo fè dega toupatou. Bondye gen fòs, li konn sa l'ap fè. Ni moun k'ap bay manti, ni moun k'ap pran manti, se anba ponyèt li yo ye. Li fè moun k'ap bay konsèy yo pèdi tèt yo. Li fè chèf yo aji tankou moun fou. Li wete tout pouvwa nan men wa yo. Li mare yon tanga nan ren yo jete yo nan prizon. Li fè prèt yo mache pye atè. Li mete gwo zotobre atè! Li fèmen bouch moun k'ap bay bon konsèy. Li fè granmoun yo depale. Li fè pase grannèg yo nan betiz. Li wete pouvwa gwo chèf yo nan men yo. Li klere twou fon kote ki fè nwa a, li mete twou lanmò a aklè. Li fè nasyon yo fè pwogrè, lèfini, li fè yo deperi. Li fè yon pèp pran elan, lèfini, li fè l' disparèt. Li fè chèf pèp yo pèdi tèt yo, li fè yo moute desann nan dezè, san yo pa konn kote yo prale. Y'ap tatonnen nan fènwa, y'ap titibe tankou moun sou.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.