Jòb tanmen pale ankò, li di: -Ki moun ki va fè m' viv tan lontan an, lè Bondye t'ap voye je sou mwen an? Lè sa a, Bondye te toujou la avèk mwen. Limyè li te klere anwo tèt mwen, li t'ap moutre m' kote pou m' mete pye m' nan fènwa a. Nan tan sa a, tout zafè m' t'ap mache byen. Bondye te zanmi m'. Li t'ap pwoteje kay mwen. Bondye ki gen tout pouvwa a te toujou la avèk mwen. Mwen t'ap viv nan mitan tout pitit gason m' yo. Bèf ak kabrit mwen yo te konn bay anpil lèt. Pye oliv mwen yo te donnen menm nan tè wòch. Lè mwen parèt pòtay lavil la, lè mwen pran plas mwen nan mitan chèf fanmi yo, wè yo wè m', jenn gason yo mete kò yo sou kote, granmoun yo leve kanpe pa respè pou mwen. Notab yo sispann pale, yo fèmen bouch yo. Ata chèf yo pa ka pale ankò! Lang yo vin lou nan bouch yo. Tout moun ki te wè m' t'ap mache fè lwanj mwen, tout moun ki te tande m' te kontan avè m'. Mwen lonje men bay pòv malere ki nan ka ansanm ak timoun san papa ki san sekou. Moun ki te nan pi gwo mizè t'ap fè lwanj mwen. Mwen te fè kè vèv yo kontan. Mwen te toujou fè sa ki dwat. Mwen pa t' janm nan patipri. Se mwen ki te wè pou avèg yo. Se mwen ki te mache pou kokobe yo. Mwen te yon papa pou pòv malere yo. Mwen te kanpe pou defann kòz etranje yo. Mwen te kraze pouvwa malveyan yo. Mwen sove moun ki te anba men yo. Mwen t'ap di nan kè m': M'a viv kont viv mwen. M'a mouri sou kabann mwen ak kè poze. Mwen te tankou yon pyebwa plante bò larivyè. Sou tout branch li yo se lawouze. Moun pa ta janm sispann fè lwanj mwen. Mwen t'ap toujou gen tout fòs mwen sou mwen. Lè m'ap pale, tout moun fèmen bouch yo. Yo louvri zòrèy yo, y'ap tann konsa konsèy m'ap bay. Pawòl mwen tonbe nan kè yo tankou grenn lapli. Lè m' fin pale, pesonn pa gen anyen pou di ankò. Yo t'ap tann mwen pale tankou tè sèk k'ap tann lapli. Yo rete bouch louvri pou ranmase sa m'ap di. Lè yo dekouraje, mwen fè yon ti ri ak yo. Sa te kont pou remoute kouraj yo. Mwen te kanpe alatèt yo. Mwen mennen yo tankou yon wa k'ap mennen sòlda li yo. Mwen di yo sa pou yo fè. Mwen te ba yo kouraj lè yo nan lafliksyon.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.