Lè sa a, nan yon gwo van tanpèt, Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa: -Kisa ou ye menm pou w'ap poze keksyon sou plan travay mwen ak yon bann diskou ki pa vle di anyen? Mete gason sou ou! M' pral poze ou keksyon. Pare kò ou pou ou reponn mwen. Kote ou te ye lè m' t'ap fè latè? Se pou ou reponn mwen si ou konn tout bagay! Ki moun ki te deside lajè l'ap genyen? Ki moun ki te pran mezi l'? Eske ou konn sa? Sou kisa fondasyon latè chita? Ki moun ki te poze wòch ki kenbe l' la? Jou maten sa a, tout zetwal yo t'ap chante, tout sèvitè Bondye yo t'ap bat bravo. Ki moun ki fèmen pòtay pou bare lanmè a, lè li pete soti nan vant latè a? Lè mwen kouvri lanmè a ak nwaj, lè mwen vlope l' nan gwo nwaj nwa yo, mwen bay lanmè a bòn li. Mwen mete pòt avèk kle pou kenbe l' nan plas li. Mwen di l': Men limit ou. Pa depase l'. Se la m'ap kraze fòs lanm ou yo. Jòb, èske yon sèl fwa ou janm bay lòd pou maten rive? Ou janm bay lè pou bajou kase? Eske ou janm bay devanjou l' lòd pou l' klere sou tout latè, l' pou l' fè mechan yo soti nan twou yo? Lè sa a, tout mòn yo ak tout fon yo parèt aklè, tankou mak pye bèt nan labou. Yo pran koulè yo, ou ta di yon rad latè mete sou li. Limyè solèy la antrave mechan yo nan travay yo. Yo blije kite mechanste yo te pare pou fè a. Eske ou te desann jouk kote sous lanmè a pete a? Eske ou te mache nan fon lanmè a? Eske yo te janm moutre ou pòtay peyi lanmò a? Eske ou te janm wè pòt ki louvri sou gwo twou san fon an? Eske ou gen lide ki lajè latè a genyen? Reponn mwen non, si ou konnen! Eske ou konnen ki bò limyè soti, ki bò fènwa rete, pou ou ka moutre yo jouk ki bò pou yo ale, osinon pou ou voye yo tounen lakay yo? Si ou konn sa, enben, ou te fèt deja lè mwen t'ap kreye yo a. Ou pa manke gen laj sou tèt ou! Eske ou janm rive kote yo fè depo lanèj lan? Ou janm wè depo lagrèl la? Ou konnen depo kote m' sere yo pou lè gen move tan, pou lè batay ak lagè ap fèt? Ou konnen ki bò solèy la leve, ki bò van lès la soti pou l' soufle sou latè? Ou konnen ki moun ki fè wout bay lapli tonbe, ki moun ki fè chemen pou loraj la, pou lapli tonbe sou dezè a kote moun pa rete, pou wouze tè sèk k'ap fann nan solèy, pou fè zèb pouse nan savann? Eske lapli a gen papa? Ki moun ki fè lawouze? Ki bò moso glas yo soti? Lagrèl ki soti nan syèl la, ki moun ki manman l'? Se yo menm ki fè dlo vin di kou wòch, ki fè tout dlo anwo lanmè a di kou wòch? Ou ka mare zetwal Lapousiyè yo ansanm? Ou ka lage kòd ki kenbe zetwal Oryon yo ansanm? Ou ka mennen zetwal yo soti lè lè yo rive? Ou ka bay Gwo Kabwèt la ak Ti Kabwèt la direksyon pou yo pran? Ou konnen lwa k'ap gouvènen tout bagay nan syèl la? Eske ou ka sèvi ak lwa sa yo pou gouvènen sa k'ap pase sou latè? Eske ou ka bay nwaj yo lòd pou yo voye gwo lapli sou ou? Si ou bay zèklè yo lòd pou yo pati, èske y'ap reponn ou: Wi, men nou? Ki moun ki penmèt krabye konprann lè pou li anonse dlo pral desann fè inondasyon? Ki moun ki fè gwo zwezo sa a konnen lè lapli pral tonbe? Ki moun ki ka konte kantite nwaj ki genyen, san manke yonn? Ki moun ki ka panche yo pou vide dlo lapli, pou pousyè tè a tounen labou, pou boul tè yo kole ansanm? Eske se ou ki jwenn manje pou bay lyon yo manje? Eske ou bay ti lyon yo manje plen vant yo, kote yo kache nan twou yo a, osinon kote yo kouche ap tann nan nich yo a? Ki moun ki pare manje pou kònèy yo, lè grangou fè yo soti nan nich yo, lè pitit yo ap rele nan pye m' pou m' ba yo manje?
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.