Elifaz, moun Teman an, pran lapawòl, li di konsa: -Jòb, si m' pale avè ou, ou p'ap fache, vye frè? Mwen pa ka pa pale. Yon lè, se ou ki te konn moutre moun anpil bagay, se ou ki te konn bay moun fòs lè yo fèb. Pawòl nan bouch ou te yon ankourajman pou moun ki te dekouraje. Ou te ede yo kanpe sou de pye yo ankò. Koulye a, paske se tou pa ou, ou pèdi tèt ou. Malè tonbe sou ou, w'ap depale. W'ap sèvi Bondye, ou fèt pou genyen l' konfyans. Ou mennen bak ou byen, ou pa fèt pou dekouraje. Repase tèt ou byen. Ou janm konnen yon inonsan ki mouri mal? Ou janm wè yo touye yon moun ki mache dwat? M'ap di sa m' wè ak je m': Moun ki kouve mechanste nan kè yo epi k'ap mache bay moun lapenn, se mechanste ak lapenn yo rekòlte. Lè Bondye fache, li soufle sou yo, yo mouri. Lè van tanpèt Bondye a leve, yo disparèt. Mechan yo rele kou lyon, yo gwonde kou bèt sovaj. Men, Bondye fèmen bouch yo, li kase dan nan bouch yo. Yo mouri tankou lyon ki pa jwenn bèt pou yo manje. Tout pitit yo gaye nan bwa. Yon lè, mwen tande Bondye t'ap pale tou dousman nan zòrèy mwen. Mwen pa t' fin tande nèt sa li t'ap di. Tankou yon move rèv nan mitan lannwit, li mete yon bann vye lide nan tèt mwen. M' pa ka dòmi tèlman mwen pè. Mwen pran tranble, mwen santi yon frison mache nan tout kò m'. Tout zo nan kò m' ap krake. Yon souf pase bò figi m', tout cheve nan tèt mwen kanpe. Mwen rete konsa mwen wè yon moun kanpe devan m'. Mwen pa t' rekonèt ki moun li ye. Men, fòm moun lan te la devan je m'. Mwen pa tande yon ti bri menm. Apre sa, mwen tande yon vwa ki t'ap pale tou dousman, li t'ap di: Ki moun ki ka di li mache dwat devan Bondye? Ki moun ki san repwòch devan Bondye ki kreye l' la? Bondye pa janm fin fye sèvitè l' yo nèt. Ata zanj li yo, li jwenn bagay pou l' repwoche yo. Ale wè atò pou moun ki fèt ak labou, pou moun ki soti nan pousyè tè, pou moun yo kapab kraze tankou poudbwa! Yon sèl jou kont pou yo tounen pousyè, yo disparèt nèt. Pesonn pa wè sa. Yo rete konsa yo kase kòd. Yo mouri san yo pa janm rive fin gen bon konprann.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.