Jòb te sitèlman sèten li te inonsan, twa mesye yo kite sa, yo pa chache reponn li ankò. Men, Eliyou ki te kanpe la fè yon sèl kòlè. Eliyou sa a, se pitit Barakèl, moun fanmi Bouz, nan branch fanmi Ranm lan. Li fè yon sèl kòlè sou Jòb, paske Jòb t'ap bay tèt li rezon, li t'ap bay Bondye tò. Li te ankòlè sou twa zanmi Jòb yo tou. Yo pa t' jwenn anyen pou yo reponn Jòb. Konsa, yo menm tou, se Bondye yo te bay tout tò a. Antan yo twa a t'ap pale, Eliyou te rete la san di anyen, paske yo te pi gran pase l'. Lè li wè mesye yo pa t' jwenn anyen ankò pou reponn Jòb, li fè yon sèl kòlè. Li pran lapawòl, li di konsa: -Mwen menm, se jenn gason mwen ye. Nou menm, se granmoun nou ye. Se poutèt sa mwen te yon ti jan wont. Mwen te pè antre nan koze a. Mwen t'ap di nan kè m': Kite granmoun pale! Kite sa ki gen laj sou tèt yo mete bon konprann yo deyò. Men, pou di vre, se lespri Bondye ki gen tout pouvwa a sèl ki pou antre nan tèt yon moun pou ba li bon konprann! Se pa laj ki bay moun bon konprann. Se pa cheve blan ki fè moun konnen sa ki dwat. Koulye a, mwen ta renmen nou koute m'. Kite m' di nou sa m' konnen sou koze a. Mwen tande byen tande tou sa nou di. Mwen te louvri zòrèy mwen gran louvri pou m' pa manke anyen nan pawòl nou yo, pandan n'ap chache mo pou nou di. Mwen t'ap swiv sa n'ap di. Men, yonn nan nou pa rive fè Jòb fèmen bouch li. Nou yonn pa rive demanti msye. Pa vin di m' nou konprann koulye a se Bondye ki pou reponn. Lèzòm pa kapab. Se avè nou Jòb t'ap pale. Se pa avè m'. Konsa, mwen pral reponn msye yon lòt jan. Jòb, ou wè mesye yo pa konn sa pou yo di ou. Yo pa jwenn anyen pou reponn ou ankò. Mwen t'ap tann yo. Men, koulye a yo fèmen bouch yo. Yo sispann pale, yo pa reponn ou. Atòkile, se mwen ki pral pale, mwen pral di ou sa m' konnen nan koze a. Mwen plen pawòl nan bouch mwen. Si m' pa pale m'a toufe. Pawòl ki nan tèt mwen, ou ta di yon diven k'ap fèmante. Li prèt pou pete veso kote l' ye a. Se pou m' pale pou m' ka soulaje konsyans mwen. Se pou m' louvri bouch mwen reponn ou. Mwen p'ap pran defans pyès moun. Mwen pa pral achte figi nou yonn la a. Mwen pa konn flate moun. Lèfini, si m' ta fè sa, Bondye ki kreye m' lan ta disparèt mwen lapoula.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.