Lè sa a, Sofa, moun Naama a, pran lapawòl, li di konsa: -Atò pesonn p'ap reponn gwo paladò sa a? Pale anpil pa ka bay moun rezon. Pa konprann pale anpil ou a ka enpoze moun louvri bouch yo reponn ou. Paske w'ap pase moun nan betiz la, atò yo pa ka fè ou wont? Ou pretann sa ou di a se verite. Pou ou, ou san repwòch devan Bondye! Pa pito Bondye ta pale pou l' reponn ou! Li ta fè ou wè gen anpil lòt bagay ou poko konnen, bagay moun pa ka konprann. Lè sa a, ou ta wè Bondye pa fè ou peye pou tou sa ou fè. Ou konprann ou ka konnen sa ki nan kè Bondye, ou ka konnen tout bagay nèt sou Bondye ki gen tout pouvwa a? Li pi wo pase syèl la. Sa ou ka fè pou sa? Li pi fon pase peyi kote mò yo ye a. Sa ou ka konnen la? Li pi long pase longè tout tè a. Li pi laj pase lanmè a. Si Bondye arete ou, li mete ou nan prizon, li trennen ou nan tribinal, ki moun ki ka di l' non? Bondye konnen tout moun k'ap bay manti. Je l' byen louvri, li wè tout mechanste moun ap fè. Konsa, moun fou va konmanse gen konprann. Bourik sovaj yo va donte. Annou wè, monchè! Pran tèt ou! Louvri bra ou devan Bondye. Sispann fè vye bagay k'ap sal men ou yo. Pa kite mechanste chita lakay ou. Lè sa a, w'a leve tèt ou pou gade moun nan je. W'a byen fèm, ou p'ap pè anyen. W'a bliye lapenn ou yo. Tankou yon inondasyon ki fin pase, ou p'ap chonje yo ankò. Lavi ou pral klere pi bèl pase gwo solèy midi. Move pa yo pral tankou yon douvan jou. Ou pral viv san kè sote. Ou p'ap dekouraje. Bondye va pwoteje ou, l'a ba ou kè poze. Lè w'ap dòmi, pesonn p'ap deranje ou. Anpil moun va vin achte figi ou. Men, mechan yo ap voye je yo bouske toupatou, yo p'ap jwenn kote pou yo chape kò yo. Sèl espwa yo, se lanmò y'ap tann.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.