Te gen yon lè, peyi fanmi Zabilon yo ak peyi fanmi Neftali yo t'ap drive nan labou. Men pita, va rive yon lè tout rejyon an, pran depi lanmè Meditèrane rive bò larivyè Jouden, moute peyi Galile kote moun lòt nasyon yo rete a, tout rejyon an va kanpe ankò. Pèp ki t'ap mache nan fènwa a wè yon gwo limyè. Yo te rete nan yon peyi kouvri ak fènwa. Men, koulye a yon limyè vin klere yo! Ou fè yo vin anpil, Seyè! Ou ba yo gwo kè kontan. Yo te kontan wè sa ou fè pou yo, tankou moun k'ap fè fèt lè sezon rekòt, tankou moun k'ap fè gwo fèt lè y'ap separe sa yo pran nan lagè. Paske ou kraze bout bwa ki te mare dèyè kou yo a, baton ki t'ap peze zepòl yo a! Wi, Seyè! Ou kraze bout fè nan men moun ki t'ap fè yo pase tray la, tankou jou lè ou te kraze moun Madyan yo! Tout soulye sòlda ki t'ap plede fè bri yo, tout rad sòlda ki te plen san yo, yo pral boule sa nan dife. Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a! Gouvènman li p'ap gen finisman. Nan peyi l'ap gouvènen an se va kè poze san rete. L'ap chita sou fotèy wa David la. L'ap gouvènen peyi wa David la. L'ap fè gouvènman an byen chita, l'ap ba li bon pye paske l'ap fè sa ki dwat. Li p'ap nan patipri, depi koulye a jouk sa kaba. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki soti pou fè tou sa rive vre! Seyè a fè konnen desizyon l' sou peyi Izrayèl la ak sou moun fanmi Jakòb yo. Tout pèp Izrayèl la, tout moun ki rete lavil Samari yo va konn sa l' te di a. Men, yo sitèlman gen lògèy, yo sitèlman awogan, y'ap di: Kay brik yo kraze, n'a bati lòt ak wòch taye. Yo koupe poto sikomò yo jete, n'a fè lòt ak bwa sèd mete nan plas yo. Seyè a fè lènmi pèp Izrayèl la leve dèyè l'. L'ap fè chèf lame wa Rezen lan atake l'. Peyi Lasiri sou bò solèy leve, peyi Filisti sou bò solèy kouche, y'ap devore pèp Izrayèl la ak gwo koutdan. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo. Pèp Izrayèl la pa chanje. Yo pa tounen vin jwenn moun ki t'ap pini yo a, Seyè ki gen tout pouvwa a. Yon sèl jou a, Seyè a ap koupe ni tèt pèp Izrayèl la ni ke l'. L'ap pini tout chèf pèp la, gwo kou piti. Chèf fanmi yo ak notab yo, se yo ki tèt pèp la. Ke a menm, se pwofèt yo, papa mantò! Moun k'ap dirije pèp la fè l' pèdi chemen l'. Pèp la lage kò l' nan bwa. Se poutèt sa, Seyè a p'ap pran priyè nan men jenn gason yo. L'ap san pitye pou timoun ki san papa yo ak fanm ki pèdi mari yo, paske se tout pèp la nèt ki pa gen respè pou Bondye, yo tout ap fè mechanste. Se renk move pawòl ase ki nan bouch yo. Men se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo. Mechanste kaye nan mitan pèp la, tankou dife nan pikan ak nan raje. Dife a pran nan rakbwa yo, yo tounen lafimen k'ap moute nan syèl la. Seyè ki gen tout pouvwa a te sitèlman move, li fini ak peyi a. Se tankou yon dife k'ap boule tout moun nan peyi a. Pesonn pa ka sove pesonn. Yo vire adwat, yo pran sa yo jwenn, yo grangou toujou. Yo vire agoch, yo devore sa yo jwenn, se atò yo grangou. Yo menm rive manje pwòp pitit yo! Moun Manase yo ak moun Efrayim yo, yonn ap devore lòt. Lèfini, yo mete tèt ansanm pou atake moun Jida yo. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo!
Ezayi 9
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.