Lòt bò larivyè peyi Letiopi yo, gen yon peyi kote yo tande yon bri tankou bri zèl yon bann krikèt. Mesaje ap soti nan peyi sa a, y'ap desann larivyè Nil lan nan pipirit fèt ak wozo. Nou menm mesaje yo, mete zèl nan pye nou. Tounen lakay nou. Pote nouvèl la bay moun peyi nou an. Se yon gwo peyi ki fò anpil, ki gen anpil larivyè k'ap koule ladan l'. Al pote nouvèl la bay moun bèl wotè yo, ki gen po yo boule nan solèy. Se yon pèp tout moun pè. Nou tout ki rete sou latè, leve je nou gade. Yo pral bay siyal la ak drapo kanpe sou tèt mòn yo. Louvri zòrèy nou, tande. Yo pral sonnen klewon an. Seyè a di m' konsa: M'ap rete rete m' kote m' ye nan syèl la, m'ap gade anba san m' pa fè ankenn bri, tankou solèy la lè l'ap klere gwo midi, tankou lawouze k'ap tonbe nan mitan chalè lannwit nan sezon rekòt. Paske, menm jan anvan rekòt rezen yo, lè yo fin fleri, lè rezen yo pral mi, yo debranche yo ak kouto, yo wete tout ti branch yo, yo ba yo lè, se konsa lènmi yo pral detwi moun peyi Letiopi yo. Yo pral kite kadav sòlda yo konsa pou zwezo ki manje vyann epi ki rete nan mòn ak pou bèt nan bwa. Nan sezon chalè, zwezo va vin manje yo. Nan sezon fredi, se bèt nan bwa ki va vin manje yo. Lè sa a, bann moun bèl wotè ki gen po yo boule nan solèy, pèp tout moun pè a, moun ki rete nan gwo peyi ki gen fò anpil la, yo menm ki rete nan peyi ki nan tèt dlo larivyè Nil lan, y'a pote kado bay Seyè ki gen tout pouvwa a. Y'a vin jouk sou mòn Siyon an kote moun fè sèvis pou Seyè ki gen tout pouvwa a.
Ezayi 18
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.