Non! Se pa paske Seyè a manke fòs kifè li pa vin delivre nou. Se pa paske li soudè kifè li pa tande lè n'ap lapriyè nan pye l'. Men se mechanste nou yo ki mete yon bayè ant nou ak Bondye nou an. Se peche nou yo ki fè l' vire figi l' pou l' pa tande nou. San ap koule sou tout dwèt nou. Nou foure men nou nan tout kalite mechanste. Bonjou nou pa laverite. Depi nou louvri bouch nou se kout lang n'ap bay. Lè n' al nan tribinal se pou defann move kòz. Lè n'ap plede, nou bay manti. N'ap di yon bann bagay ki pa laverite. Se move lide ase ki nan tèt nou. Se mechanste ase n'ap fè. Move plan y'ap fè yo tankou pwazon. Si ou pran ladan yo nanpwen rechap. Si ou rive kraze yon move plan y'ap fè, y'ap pare yonn ki pi rèd pou ou. Menm jan ou pa ka fè rad ak fil zariyen, konsa tou sa y'ap fè a p'ap rapòte yo anyen ki bon. Se mechanste ase yo soti pou yo fè. Se nan san ase yo mete men yo. Y'ap kouri konsa pou fè sa ki mal, yo cho pou yo touye moun inonsan. Lide yo toujou sou sa ki mal, kote yo pase se dega toupatou. Se malè yo kite dèyè yo. Yo pa konn jan pou yo viv byen ak moun. Tout sa y'ap fè kwochi. Tout kò yo se plan. Moun k'ap swiv yo toujou nan tèt chaje. Pèp la di: -Koulye a nou konnen poukisa Bondye ki pou ta defann kòz nou an rete lwen nou konsa, poukisa li pa vin delivre nou. Nou t'ap tann limyè pou klere kote n'ap mete pye nou, men kote nou pase se nan fènwa nou ye. N'ap tatonnen tankou avèg k'ap chache wout, tankou moun je pete. N'ap bite gwo midi tankou si nou t'ap mache solèy kouche. San nou pa malad, nou tankou moun ki deja nan peyi san chapo. N'ap wouke tankou chen, n'ap plenn tankou bourik anba chay. N'ap tann Bondye pou l' pran defans nou. Bichi! N'ap tann li vin delivre nou. Anyen menm! Seyè, se vre wi, nou te fè anpil peche kont ou! Koulye a, se peche nou yo k'ap kale nou. Yo la devan je nou. Nou rekonèt nou te fè yo vre. Nou te vire do bay Seyè a, nou voye l' jete. Nou derefize koute l'. Nou tòde men frè parèy nou, nou revòlte kont Bondye. Se move lide ase nou te gen nan kè nou. Se manti ase nou t'ap kalkile nan tèt nou. Se poutèt sa, nou pa t' bay chans pou yo defann nou. Pesonn pa ka pwoche vin delivre nou. Nan tout lavil la ou pa konn kote ou gad ak pesonn. Pesonn pa mache dwat. Pa gen moun serye ankò! Si ou pa fè tankou tout moun, se ou k'ap anba. Seyè a wè sa. Sa te fè l' mal paske pa t' gen jistis nan peyi a. Li sezi wè pesonn pa leve kanpe pou defann inonsan yo. Se konsa, li vin delivre pèp la ak pwòp fòs kouraj li. Li ba l' men, li pran defans li. Li mete jistis anwo li tankou yon plak pwotèj pou lestonmak li. Li mete pouvwa pou sove a tankou yon kas nan tèt li. Li mete pouvwa revanj li sou li tankou yon palto, li vlope kò l' ak fòs pou l' pran defans moun li renmen yo. L'ap pini chak moun dapre sa yo fè: li pral move sou moun ki pa vle wè l' yo, li pral tire revanj sou lènmi l' yo, menm sou moun ki rete nan zile byen lwen yo. Depi kote solèy la leve a jouk kote solèy la kouche a, tout moun va pè Seyè a, y'a respekte pouvwa li. L'ap vin tankou lavalas k'ap desann nan fon ravin, tankou gwo van tanpèt. M'ap vin sou mòn Siyon an pou m' delivre tout moun fanmi Jakòb yo ki va vire do bay peche yo. Se Seyè a menm ki di sa. Seyè a di ankò: Men kontra mwen pral pase ak yo a: M'ap mete lespri m' sou yo. M'ap ba yo lòd mwen yo pou lòd mwen yo ka nan bouch yo, nan bouch pitit yo ak nan bouch pitit pitit yo, pou tout tan tout tan. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Ezayi 59
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.