Moun peyi Moab yo ap rete lavil Sila nan dezè a, y'ap voye yon mouton fè chèf lavil Jerizalèm lan kado sou tèt mòn Siyon an. Y'ap rete tann bò larivyè Anon an. Yo san pozisyon, yo tankou ti zwazo yo mete deyò nan nich yo. Y'ap di moun peyi Jida yo: -Ban nou ti konsèy non! Di nou sa pou nou fè! Pwoteje nou anba zèl ou, tankou yon pyebwa k'ap bay bon lonbray fre gwo midi. Se chape n'ap chache chape kò nou. Tanpri, kache nou. Pa lage nou nan men lènmi nou yo. Kite nou rete nan peyi nou an. Pwoteje nou anba moun ki soti pou fini ak nou yo. Moun ki t'ap kraze nou an p'ap la ankò. Piyay la ap fini. Moun ki t'ap pilonnen peyi a anba pye yo a ap disparèt. Gouvènman peyi Jida a pral kanpe byen kanpe. Yon chèf pral soti nan ras fanmi wa David la. Li pral moute chita sou fotèy la pou l' dirije pèp la avèk bon kè, san patipri. L'ap soti pou l' fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap prese fè tout moun jistis. Moun peyi Jida yo di: -Nou tande jan moun Moab yo se moun ki gen lògèy. Wa pa kouzen yo. Nou konnen jan yo estomake, jan yo gen gwo tanta, jan yo awogan. Men, tou sa se van. Anyen menm! Men moun Moab yo pral plenyen sò peyi Moab la. Yo tout pral kriye lè y'a chonje bon pen rezen yo konn jwenn lavil Kyerès. Yo pral plenn, y'ap pèdi tout kouraj yo. Gwo jaden peyi Esbon yo pral deperi. Pye rezen lavil Sibma yo ki te konn bay bon diven chèf nasyon yo te konn bwè a pral cheche. Te gen yon lè jaden rezen sa yo te rive jouk bò lavil Jazè. Yo te pouse kouvri tout dezè a. Yo te gaye kò yo toupatou rive lòt bò lanmè Mouri a. Se poutèt sa, m'ap kriye pou pye rezen Sibma yo, jan mwen te kriye pou jaden rezen Jazè yo. Dlo ap kouri nan je m' pou Esbon ak Eleale, paske moun ap rele pou bèl rezen yo te konn rekòlte la a. Nanpwen kè kontan ak fèt nan jaden nou yo! Nan jaden rezen nou yo, nanpwen chante, nanpwen koudjay ankò! Pa gen rezen pou kraze nan basen kote yo fè ji. Tout fèt kaba! Se poutèt sa, m'a plenn, kè m' fè m' mal pou peyi Moab, mwen nan gwo lapenn pou lavil Kyerès. Moun peyi Moab yo ap touye tèt yo moute nan mòn. Yo pral nan tanp pou yo lapriyè. Men, sa p'ap sèvi yo anyen. Anvan sa, men sa Seyè a te di k'ap rive lavil Moab la. Koulye a, Seyè a pale ankò. Li di konsa: Nan twazan, jou pou jou, tankou moun k'ap travay pou lajan kalkile lè travay yo, yo pral pase sa ki fè pouvwa peyi Moab la nan tenten. Atout li gen anpil moun koulye a, se de twa ase ki pral rete, yon ti ponyen tou fèb ki p'ap vo anyen!
Ezayi 16
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.