Seyè a pral souke tè a, li pral ravaje l'. Li pral boulvèse l'. Tout moun ki rete sou tè a pral kouri gaye toupatou. Tout moun pral pase, prèt yo kou moun nan pèp la, esklav yo kou mèt yo, sèvant yo kou metrès yo, sa k'ap vann kou sa k'ap achte, sa k'ap bay ponya kou sa k'ap pran ponya, sa k'ap bay kredi kou sa k'ap pran kredi. Yo pral ravaje tout tè a, yo pral piye tout bagay. Seyè a fin pale, se sa ki pou rive. Tout moun sou latè nan lapenn. Yo pa kapab ankò. Pèp la ap plenn, y'ap deperi. Chèf yo ap plenn ansanm ak rès pèp la. Moun yo pa respekte peyi Bondye a. Yo pa koute lòd Bondye ba yo. Yo derefize fè sa l' te mande yo fè a, yo derefize obeyi kòmandman Bondye yo. Yo pa kenbe kontra li te fè ak yo pou tout tan an. Se poutèt sa madichon ap fini ak latè: moun ki rete sou latè ap peye pou sa yo te fè ki mal. Y'ap deperi grenn pa grenn. Se yon ti ponyen ki rete. Pye rezen yo ap fennen. Ou pa ka jwenn diven. Tout moun ki te konn fè fèt yo ap plenn. Yo pa bat tanbou ankò. Pa gen gwo fèt ankò. Yo pa jwe gita ankò. Nanpwen chante ankò lè y'ap bwè diven. Gwòg vin anmè nan bouch gwògmann yo. Pa gen moun nan lavil la. Yo kite kay yo ap tonbe. Tout pòt kay fèmen, moun pa antre la ankò. Nan tout lari moun ap rele paske nanpwen diven ankò. Pa gen fèt rejwisans ankò. Nanpwen kè kontan nan peyi a. Lavil la ap fini, ata pòtay yo fin kraze. Se konsa sa pral ye nan tout peyi sou latè. Se va tankou apre rekòt lè y'ap gole dènye oliv ki rete nan pye oliv yo, lè y'ap fè grapyay apre rekòt rezen an. Sa ki chape yo pral rele, yo pral chante byen fò ak kè kontan. Y'ap rete bò solèy kouche a, yo pral di jan Seyè a gen pouvwa. Konsa tou, moun ki rete bò solèy leve pral fè lwanj Seyè a. Moun ki rete sou zile nan lanmè a pral fè chante pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Byen lwen nan dènye bout latè, nou tande y'ap chante, y'ap fè lwanj pou moun ki mache dwat yo. Men mwen menm, mwen di: Pa gen rechap pou mwen! Pa gen chape pou mwen! Gade nan kisa m' ye! Trèt yo ap trayi moun toujou! Chak jou y'ap trayi moun pi rèd! Nou menm ki rete sou latè, se kè sere, se gwo twou, se pèlen ki pare pou nou! Moun k'ap kouri lè y'a tande rèl moun ki pè yo pral tonbe nan twou. Moun k'ap moute soti nan twou pral pran nan pèlen. Paske gwo lapli a pral tonbe sot nan syèl la. Fondasyon latè pral pran tranble. Latè pral fann, l'ap pete fè miyèt moso. L'ap tranble, l'ap souke tout kò l'. Latè pral balanse tankou moun sou. Li pral souke tankou yon ti joupa lè van ap soufle fò. Peche lèzòm yo peze lou sou li: l'ap tonbe, li p'ap janm ka leve ankò. Jou sa a, Seyè a pral pini zanj yo ki anwo nan syèl la, l'ap pini tout chèf k'ap gouvènen sou latè. L'ap mete yo ansanm nan prizon nan yon tonm. L'ap fèmen yo nan kacho. Apre yon bon tan, l'ap pini yo. lalin lan pral vin tou nwa. Solèy la p'ap klere ankò, paske Seyè ki gen tout pouvwa a pral sèl wa. Li pral gouvènen nan lavil Jerizalèm sou tèt mòn Siyon an. Tout chèf fanmi pèp li a pral wè gwo pouvwa li.
Ezayi 24
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.