Kilès sa a k'ap vini sot lavil Bozra nan peyi Edon an, ak yon rad tou wouj sou li a? L'ap mache byen bwòdè ak bèl rad li sou li. L'ap mache tèt li byen wo, l'ap pile tè a byen fò. Se mwen menm, Seyè a, ki gen pouvwa pou delivre moun lan, k'ap pale sou koze delivrans lan. Poukisa rad sou ou yo wouj konsa, tankou rad moun k'ap kraze rezen anba pye yo pou fè diven nan basen? Seyè a reponn: -Mwen te pou kont mwen ap kraze nasyon yo anba pye m', tankou rezen nan basen. Pa t' gen yon moun nan pèp mwen an ki te la avè m'. Mwen fè kòlè, mwen mache sou yo, m' pilonnen yo anba pye m' sitèlman mwen te fache. San yo benyen tout rad mwen, li tache yo byen tache. Mwen te chwazi nan kè m' jou pou m' te tire revanj pou pèp mwen an. Lè pou m' te pini lènmi l' yo te rive. Lè m' gade, mwen te sezi. Pa t' gen yon moun pou ban m' yon koutmen. Pa t' gen pesonn pou ban m' konkou. Men, mwen te sitèlman an kòlè, mwen jwenn kont fòs nan ponyèt mwen, mwen kenbe jouk mwen fin delivre yo. Mwen fè yon sèl kòlè, mwen kraze yon bann pèp. Mwen dechèpiye yo sitèlman mwen te fache. Mwen fè dlo kò yo benyen kò yo. M'a chante pou m' fè konnen tout bèl bagay Seyè a fè pou nou. M'a fè lwanj li pou tou sa li fè pou nou, pou jan li bon pou moun fanmi Izrayèl yo. Li moutre nou jan li gen kè sansib pou nou, jan li renmen nou anpil. Seyè a te di se pèp mwen yo ye, m' sèten yo p'ap fè m' wont. Se konsa, li delivre yo nan tout tèt chaje yo. Se pa t' yon moun ni yon zanj li te voye fè travay la pou li. Se limenm menm ki te vin delivre yo. Li sitèlman renmen yo, kè l' sitèlman fè l' mal pou yo, se limenm menm ki te vin delivre yo. Nan tan lontan, li te toujou pran swen yo. Men, yo te fè wòklò avè l', yo te fè l' lapenn anpil. Se konsa Seyè a te tounen yon lènmi pou yo, li fè yo lagè. Men, yo chonje tan lontan, yo vin chonje Moyiz. Yo mande koulye a: Kote Bondye ki te rale yo sot nan lanmè a, Bondye ki te mete Moyiz mache devan yo tankou yon gadò pou bann mouton l' yo? Kote Bondye ki te bay Moyiz pouvwa lespri li a? Kote Bondye ki te kanpe sou bò dwat Moyiz la pou fè gwo mèvèy ak fòs ponyèt li, lè li te fann dlo a devan yo pou tout moun te ka toujou chonje sa l' te fè a? Lè Bondye te fè yo mache nan fon lanmè a tankou chwal nan sab dezè, san yo pa janm bite, tankou bèf k'ap desann nan plenn pou y' al manje, lespri Seyè a te mennen yo kote pou yo poze. Wi, se konsa Seyè a te mache devan pèp li a, pou tout moun te ka toujou nonmen non l' pou jan li gen pouvwa. Seyè, antan ou nan syèl la, nan bèl kay ki apa pou ou a, tanpri, voye je ou gade nou non! Jan ou te fè jalouzi pou nou sa a! Jan ou te kanpe pou nou ak kouraj ou sa a! Jan ou te renmen nou sa a! Jan ou te konn gen pitye pou nou sa a! Kote ou kite tou sa? Gen lè ou fèmen kè ou! Se ou menm ki papa nou. Abraram pa konnen nou. Izrayèl pa rekonèt nou! Se ou menm, Seyè, ki papa nou. Se ou menm ki toujou delivre nou! Poukisa atò ou kite nou pèdi chemen ou te mete devan nou an, ou kite nou lage kò nou nan raje? Poukisa ou kite nou fè tèt di, ou kite nou pèdi krentif nou te gen pou ou a? Tanpri, tounen vin jwenn nou non, poutèt moun k'ap sèvi ou yo, poutèt pèp ki toujou moun pa ou la! Nou poko chita, lènmi nou yo te gen tan pran peyi a nan men nou, yo derespekte tanp ou a. Depi kèk tan ou sèvi ak nou tankou si se pa ou ki chèf nou ankò, tankou si nou pa pèp ou a ankò.
Ezayi 63
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.