Men sa Seyè a di ankò: -Si m' te voye manman nou tounen lakay li, kote papye divòs mwen te ba li? Ki moun mwen te dwe lajan pou m' ta vann nou ba li tankou esklav? Se poutèt mechanste nou yo mwen te vann nou. Se poutèt peche nou yo mwen te voye manman nou tounen lakay li. Poukisa, atò, lè mwen vin delivre nou an, pa gen pesonn ki vini jwenn mwen? Poukisa, lè m' rele nou, pesonn pa reponn? Eske se fòs mwen pa gen fòs ase pou m' delivre nou? Eske ponyèt mwen twò fèb pou m' sove nou? Se konnen nou pa konnen mwen annik louvri bouch mwen epi tout dlo lanmè cheche, tout larivyè tounen ravin chèch, tout pwason mouri paske yo pa jwenn dlo. Y'ap pouri. Mwen kouvri syèl la ak nwaj nwa. Li tankou yon moun ki nan lapenn pou ka lanmò! Seyè a moutre m' sa pou m' di, pou m' ka ankouraje moun ki pa kapab ankò. Chak maten li louvri zòrèy mwen, pou m' ka tande sa li pral moutre m', jan yon bon patizan fèt pou fè. Seyè a, Bondye a, louvri lespri mwen, mwen pa kenbe tèt ak li. Mwen pa renka devan li. Mwen pare do m' bay moun k'ap bat mwen yo. Mwen lonje figi m' bay moun k'ap rache bab mwen yo. Mwen pa kache figi m' lè y'ap joure m', lè y'ap krache sou mwen. Seyè a, Bondye a, ap pote m' sekou. Se poutèt sa, jouman yo pa ka fè m' anyen. Mwen sere dan m', mwen mare kè m' pou m' soufri. Mwen sèten, Bondye p'ap fè m' wont. Moun ki pral rann mwen jistis la pa lwen rive. Ki moun ki vle plede ak mwen? Ann konparèt ansanm devan tribinal la? Kilès ki vle rele m' lajistis? Se pou l' vin kanpe la devan m'! Se Seyè a menm, Bondye a, k'ap pote m' sekou. Ki moun ki ka fè yo kondannen m'? Tout moun k'ap akize m' yo pral disparèt. Y'ap tankou yon rad vèmen ap devore. Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, nou tout k'ap koute pawòl sèvitè li a, nou wè jan chemen m'ap swiv la fè nwa san yon ti limyè ladan l'. Se pou nou met konfyans nou nan Seyè a. Apiye sou Bondye nou an! Men nou tout k'ap pouse dife, k'ap fè plan pou detwi lòt moun, se nou menm ki pral boule nan dife nou limen an, se nou menm ki pral pran nan plan n'ap fè yo. Se Seyè a menm ki pral fè sa rive nou: Nou pral tòde ak doulè nan kabann nou.
Ezayi 50
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.