Koute pawòl sa yo byen, nou menm fanmi Jakòb yo. Nou menm ki pote non Izrayèl, zansèt nou an, nou menm ki soti nan ras Jida a, nou pran non Seyè a pou fè sèman. N'ap fè sèvis pou Bondye pèp Izrayèl la. Men, se pawòl nan bouch. Nou pa viv jan Bondye vle l' la. Nou cho konsa pou nou di se moun lavil Jerizalèm, lavil Bondye a, nou ye. Se sou Bondye pèp Izrayèl la n'ap mete tout espwa nou, li menm yo rele Seyè ki gen tout pouvwa a. Depi lontan mwen te fè nou konnen davans sa ki tapral rive. Mwen te pale pou tout moun tande. Mwen rete konsa, mwen fè sa m' gen pou m' fè a, epi yo rive vre. Mwen te konnen jan nou wòklò. Tèt nou di pase fè, di pase wòch Se poutèt sa mwen te fè nou konnen davans sa ki tapral rive nou. Wi, mwen te avèti nou anvan yo te rive, pou nou pa t' di se zidòl nou yo ki te fè sa pou nou, se estati an fè nou yo ak pòtre zidòl nou yo ki te fè sa pase konsa. Se pou nou rekonèt tou sa mwen te di nou yo rive vre. Enben, mwen pral fè ou konnen lòt bagay ankò ki gen pou rive, bagay mwen te kenbe pou mwen, bagay ou pa ka konnen menm. Se bagay m'ap fè koulye a menm. Mwen pa janm ko fè sa. Se bagay nou pa t' janm konnen jouk jounen jòdi a. Konsa nou pa ka di nou te konn sa deja! Nou pa t' janm konn bagay konsa, nou pa t' janm tande sa. Mwen pa t' kase bwa nan zòrèy nou sou sa, paske mwen konnen jan nou trèt. Yo pa ka fè nou konfyans. Depi nou fèt yo konnen nou pou moun tèt di. Se poutèt non mwen pote a kifè mwen kenbe kòlè m'. Se paske mwen vle pou moun fè lwanj mwen kifè mwen pa koute kòlè m' pou m' kraze nou! Tankou lajan yo fonn nan fòj pou wè si li bon, mwen te fè nou pase tray pou m' wè kote nou ye. Se poutèt mwen, poutèt mwen menm ase, mwen fè sa m' fè a. Eske m' ka kite yo derespekte non mwen? Mwen p'ap kite yon lòt resevwa lwanj ki pou mwen an! Nou menm fanmi Jakòb yo, Nou menm pèp Izrayèl mwen te chwazi a, koute m' byen. Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay kaba. Mwen p'ap janm chanje. Se mwen menm ak men mwen ki fè latè. Se ak fòs ponyèt mwen mwen louvri syèl la. Lè m' rele yo, yo tout kouri vin nan pye m'. Nou tout, sanble non pou nou koute m'! Kilès nan zidòl nou yo ki te fè konnen depi davans tout bagay sa yo? Moun mwen renmen an pral fè travay mwen vle l' fè a kont lavil Babilòn, kont ras moun Kalde yo. Se mwen menm ki te pale, se mwen menm ki te rele l'. Se mwen menm ki fè l' vini. M'ap fè l' reyisi nan travay l'ap fè a. Pwoche kote m' non, koute sa m'ap di: Depi nan konmansman mwen pa kache nou anyen. Depi lè bagay la t'ap rive, mwen te la. Koulye a, Seyè a ban mwen lespri l', li voye m'! Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, Seyè k'ap delivre yo a, men sa li di: -Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm k'ap moutre nou sa ki pou byen nou. Se mwen menm k'ap mennen nou nan chemen pou nou swiv la. Si sèlman nou te swiv lòd mwen te ban nou yo, benediksyon ta vide sou nou tankou lapli k'ap tonbe. Tankou lanmè ki pa janm sispann voye lanm, m' pa ta janm sispann kanpe pou nou! Moun ras nou yo ta menm kantite ak grenn sab. Pitit pitit nou yo ta tankou grenn sab bò lanmè. Anyen pa ta ka detwi nou devan mwen. Non! Nou pa ta janm disparèt devan mwen. Soti kite lavil Babilòn! Sove kò nou lakay moun Kalde yo! Gaye nouvèl la ak kè kontan. Mache fè konnen l' toupatou. Seyè a delivre Izrayèl, sèvitè li a. Lè li t'ap mennen yo nan dezè a, yo pa t' swaf dlo. Li fè sous dlo pete nan wòch pou yo. Li fann wòch la, dlo koule soti. Men Seyè a di: Pa gen kè poze pou mechan yo!
Ezayi 48
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.