Men sa Bondye di k'ap rive lavil Damas: -Lavil Damas p'ap yon lavil ankò. L'ap tounen yon pil demoli. Moun p'ap janm rete nan lavil peyi Siri yo ankò. Se la bèf, mouton ak kabrit pral jwenn zèb pou yo manje. Se la y'a rete san pesonn pa chase yo met deyò. Peyi Efrayim lan pral rete san anyen pou pwoteje l'. Lavil Damas pral pèdi libète granmoun li. Ti rès moun peyi Siri a pral gen menm sò ak ti rès moun pèp Izrayèl yo. Yo pral pèdi bèl pouvwa yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa. Seyè a di ankò: -Yon jou gen pou rive. Lè sa a, tout bèl pouvwa peyi Jakòb la pral disparèt. L'ap pèdi tout richès li, l'ap vin pòv. Peyi Izrayèl la ap tankou yon jaden diri mi yo fin koupe, yo ranmase pote ale. L'ap tankou jaden pitimi nan plenn Refayim lè yo fin ranmase grap ki tonbe atè apre rekòt la. Se sèlman de twa moun k'ap rete vivan. Peyi Izrayèl la ap tankou yon pye oliv apre yo fin keyi tout donn li: se de twa grenn ki rete nan tèt la ak kat ou senk sou branch yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa. Jou sa a, moun va vire tèt yo bò Bondye ki te kreye yo a, y'a leve je yo gade Bondye pèp Izrayèl la. Yo p'ap vire tèt yo bò lotèl zidòl yo te fè ak men yo. Yo p'ap leve je yo gade poto yo te mete kanpe pou Achera, zidòl fanm lan, ak lotèl kote y'ap boule lansan an. Lè jou sa a va rive, moun pral kouri kite tout lavil kote yo te konn al chache pwoteksyon yo. Se va tankou lè moun Ivi yo ak moun Amon yo te kouri kite tout lavil yo devan pèp Izrayèl la. Lavil yo pral tounen savann. Nou menm pèp Izrayèl, nou te bliye Bondye ki te delivre nou an. Nou pa t' chonje Bondye ki te pwoteje nou an. Se poutèt sa n'ap plante bèl ti jaden sou kote pou fè sèvis pou zidòl moun lòt nasyon yo. Menm si yo ta rive pouse menm jou nou plante yo a, pou menm jou a nan maten yo pran fleri, nou p'ap rekòlte. Paske menm jou a tou, y'ap deperi. Se va yon gwo lapenn ki p'ap janm fini. Ki malè sa a? Yon foul moun k'ap toumante kò yo tankou lè lanmè a move. Y'ap bat kò yo fè gwo bri tankou lanm lanmè k'ap frape ak fòs sou rivaj la. Nasyon yo ap bat kò yo tankou lanmè lè li move. Men, Bondye rele dèyè yo, li fè yo kouri al byen lwen. Li bwote yo ale tankou van k'ap leve pousyè sou mòn yo, tankou van siklòn k'ap pote pay ale. Nan aswè, y'ap bay moun kè sote. Anvan solèy leve, w'ap chache yo, ou p'ap jwenn yo. Men sa k'ap tann tout moun k'ap piye nou yo, moun k'ap pwofite sou nou yo.
Ezayi 17
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.