Men sa Bondye di k'ap rive peyi Moab: -Y'ap detwi lavil A Moab nan yon grenn nwit. Tout peyi Moab la frèt! Y'ap pran yon sèl nwit pou yo detwi lavil Ki Moab la! Apre sa, tout peyi a frèt! Moun peyi Moab yo ap kouri moute lavil Dibon, sou tèt mòn yo pou y' al kriye. Moun peyi Moab yo pral plenn tèlman y'ap nan lapenn pou lavil Nebo ak lavil Medeba. Yo taye tout cheve nan tèt yo, yo koupe tout bab nan figi yo. Nan tout lari, moun ap mache ak rad sak sou yo. Sou tout plas piblik, sou teras anwo tout kay, moun ap plenn. Dlo ap koule nan je yo tout. Moun lavil Esbon ak moun lavil Eleale ap pouse rèl. Moun tande yo jouk lavil Jakaz. Ata sòlda lame Moab yo ap tranble. Yo pèdi tout kouraj yo. Kè m' ap fann pou peyi Moab! Moun li yo ap kouri al kache jouk lavil Zoa ak lavil Eglat-Chelichiya. Moun ap kriye antan y'ap rale moute ti pant pou rive lavil Loukit la. Moun ap rele antan y'ap kouri met deyò sou wout ki mennen lavil Owonayim lan. Larivyè Nimrim chèch. Tout zèb fin cheche. Fèy pyebwa yo fennen. Tout pyebwa mouri. Tout moun ap janbe lòt bò ravin Banbou avèk tou sa yo genyen ak tout pwovizyon yo. Toupatou, sou fwontyè peyi Moab la, se rèl. Rèl yo rive jouk nan zòrèy moun lavil Eglayim ak moun lavil Berelim. Lavil Dimon, dlo larivyè a wouj ak san! Men Bondye pare yon pi gwo malè pou lavil Dimon. Se la yon lyon pral touye dènye moun peyi Moab ki te resi chape kò yo. Se la tout rès moun peyi Moab yo pral mouri.
Ezayi 15
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.