Men mesaj Bondye bay sou peyi Lejip la: -Seyè a chita sou yon nwaj k'ap kouri desann bò peyi Lejip la. Zidòl Lejip yo tranble devan l'. Moun peyi Lejip yo gen kè kase. Seyè a di: M'ap fè moun peyi Lejip yo leve yonn dèyè lòt. Yo pral goumen yonn ak lòt, vwazinaj ak vwazinaj, vil ak vil, chèf ak chèf. Nou pral fè yo pèdi tèt yo, yo p'ap konn sa pou yo fè. Yo pral rele nan pye zidòl yo, yo pral kay majisyen, kay divinò ak kay moun k'ap rele mò. Mwen pral lage moun Lejip yo nan men yon chèf ki rèd anpil, nan men yon wa mechan ki pral gouvènen yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa! Dlo larivyè Nil lan pral bese jouk l'a rive chèch nèt. Kannal yo pral santi, dlo kannal yo pral bese jouk yo chèch. Pye wozo ak pye jon yo pral fennen. Tout pyebwa ki pouse, tout jaden yo te plante bò larivyè Nil, depi anwo jouk nan lanbouchi, pral cheche. Van pral bwote yo ale, li p'ap kite anyen. Pechè yo pral plenn, moun ki te konn peche pwason ak zen nan larivyè a pral pran lapenn. Moun ki te konn voye privye nan larivyè a pral nan gwo chagren. Moun ki te konn fè bèl twal swa yo pral dekouraje. Sa ki te konn tise lenn yo, sa ki te konn tise bèl twal blan yo pral nan lafliksyon. Bòs k'ap fè twal yo pral nan gwo tèt chaje. Moun k'ap travay yo menm pral nan gwo lapenn. Chèf lavil Zoan yo, se yon bann moun sòt! Sa ki pi fò nan moun k'ap bay farawon an konsèy yo, se ranse y'ap ranse. Ki jan yo ka fè di wa a se pitit ansyen moun lespri ak pitit ansyen wa yo li ye? Farawon, kote moun lespri ou yo? Se pou yo ka di ou sa Seyè ki gen tout pouvwa a gen lide fè peyi Lejip pase! Se pou yo ka fè ou konn sa! Chèf lavil Zoan ak chèf lavil Menmfis yo, se yon bann moun sòt! Yo kite moun ap twonpe yo! Yo te la pou mennen peyi Lejip sou bon chemen. Yo lage l' nan bwa. Seyè a fè tout moun nan peyi a pèdi tèt yo nèt! Sa ki rive? Peyi Lejip pèdi chemen l' nan tou sa l'ap fè, li tankou yon nonm sou k'ap glise tonbe nan sa l'ap vonmi an! Nan peyi Lejip, pesonn, rich kou pòv, gwo kou piti, pa ka fè anyen pou peyi a ankò. Jou sa a, gason peyi Lejip yo ap tankou fanm: yo pral tranble, kè yo pral kase lè y'a wè Seyè ki gen tout pouvwa a ap leve men l' pou pini yo. Peyi Jida a ap fè kè moun peyi Lejip yo sote. Chak fwa y'a nonmen non peyi Jida nan zòrèy yo, y'a pè, paske y'a chonje sa Seyè ki gen tout pouvwa a te gen lide fè yo pase. Lè sa a, y'a gen senk lavil nan peyi Lejip kote moun va pale ebre. Moun la va pran non Seyè ki gen tout pouvwa a pou fè sèman. Yonn nan lavil sa yo va rele Lavil Solèy. Lè sa a va gen yon lotèl pou Seyè ki gen tout pouvwa a nan peyi Lejip. Sou fwontyè peyi a, y'ap kanpe yon gwo wòch y'ap mete apa pou Seyè a. Sa va sèvi yon mak pou fè konnen Seyè ki gen tout pouvwa a kanpe la nan peyi Lejip la. Lè moun va konprann pou fè yo pase tray, y'a lapriyè Seyè a mande l' sekou. Seyè a va voye yon moun pou vin delivre yo. L'a pran defans yo, l'a sove yo. Jou sa a, Seyè a va fè moun Lejip yo konnen ki moun li ye. Yo menm y'a rekonèt sa, y'a ofri bèt pou touye pou li, y'a ofri rekòt nan jaden yo ba li. Y'a fè Seyè a gwo pwomès. Lèfini, y'a kenbe pwomès yo. Seyè a gen pou l' pini moun Lejip yo. Men, l'a geri yo. Y'a tounen vin jwenn li. Seyè a va koute lè y'ap lapriyè nan pye l', l'a geri yo. Jou sa a, ap gen yon gwo wout k'ap soti peyi Lejip rive jouk nan peyi Lasiri. Moun peyi Lasiri va vwayaje al nan peyi Lejip, moun peyi Lejip va vwayaje al nan peyi Lasiri. Tou de peyi yo pral sèvi Seyè a. Lè sa a, peyi Izrayèl la va sou menm pye ak peyi Lejip ansanm ak peyi Lasiri: twa nasyon sa yo va yon benediksyon pou tout moun sou latè. Seyè a va beni yo, l'a di konsa: -benediksyon pou Lejip, pèp mwen an, pou Lasiri mwen te fè ak men mwen an, ak pou Izrayèl ki rele m' pa m' lan.
Ezayi 19
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.