Dezè ak tè sèk pral kontan yon sèl kontan. Savann yo pral kontan tou, yo pral fleri. Dezè pral kouvri ak flè, yo pral fè fèt. Yo pral chante. Yo pral gen gwo pyebwa tankou mòn Liban. Yo pral plen bèl pyebwa tankou mòn Kamèl ak mòn Sawon. Tout moun va wè gwo pouvwa Seyè a. Y'a wè bèl bagay Bondye nou an fè. Ankouraje moun ki febli yo! Soutni moun ki gen jenou yo ap tranble! Pale ak moun ki dekouraje yo. Di yo konsa: Pran kouraj! Pa pè! Men Bondye nou an ap vini! Li pral tire revanj sou lènmi nou yo, li pral fè yo peye sa yo fè. Se limenm menm ki pral fè sa pou l' ka delivre nou. Je avèg yo pral louvri. Zòrèy moun soudè yo pral debouche. Moun enfim nan pye yo pral sote ponpe tankou kabrit. Lang bèbè yo pral lage. Yo pral chante. Sous dlo pral pete toupatou nan tout dezè. Dlo pral koule nan tout savann. Kote sab la te cho a pral tounen yon letan. Tè sèk yo pral plen sous dlo. Kote chen mawon te konn rete a se la wozo ak jon pral pouse an kantite. Pral gen yon bèl wout pase la. Y'ap rele l': Wout Bondye a! Moun k'ap fè sa ki mal p'ap pase nan wout sa a. Se va sèlman pou moun ki mache dwat yo. Wi, pou yo ase. Ankenn bakoulou p'ap ka detounen moun k'ap swiv chemen sa a. P'ap gen lyon sou wout sa a. P'ap gen bèt bwa k'ap pase la. Se moun Seyè a delivre ase ki pral vwayaje sou li. P'ap gen lòt moun ankò! Moun Seyè a te delivre yo pral tounen. Y'ap rive lavil Siyon ak chante nan bouch yo, ak kè kontan make sou figi yo. Tout moun pral kontan, yo pral fè fèt. Moun p'ap nan lapenn. Ou p'ap tande plenyen ankò!
Ezayi 35
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.