Jan m' renmen mòn Siyon sa a! Se pou m' pale. Jan m' renmen lavil Jerizalèm sa a, mwen p'ap pran kanpo, jouk delivrans li va parèt tankou limyè solèy k'ap leve, tankou flanbo k'ap klere nan fènwa. Jerizalèm, tout nasyon yo va wè delivrans ou. Tout wa yo pral wè pouvwa ou. Y'a ba ou yon lòt non, non Seyè a menm va chwazi pou ou a. W'a tankou yon bèl kouwòn nan men Seyè a, tankou yon bèl foula nan men Bondye ou la. Yo p'ap rele ou ti mepriz ankò. Yo p'ap konsidere peyi ou la tankou yon madanm mari l' kite l'. Y'a rele ou Kè kontan pou Bondye. Y'a rele peyi ou la Bèl madan marye. Paske ou fè Seyè a plezi, l'ap tankou yon mari pou peyi ou la. Menm jan yon jenn gason marye ak yon jenn fi, Seyè a pral marye avè ou. Menm jan yon nonm marye kontan madanm li, Bondye ou la pral kontan ou Jerizalèm, mwen mete gad ap fè pòs sou miray ou yo. Lajounen kou lannwit, se pou yo pale. Se pou yo fè Seyè a chonje pwomès li te fè ou yo, pou li pa janm bliye ou. Se pou yo kenbe l' kout jouk l'a fè lavil Jerizalèm kanpe ankò, pou toupatou sou latè y'a fè lwanj pou li. Seyè a fè sèman, l'ap kenbe l' avèk fòs ponyèt li. -Mwen p'ap lage farin ble nou an nan men lènmi nou yo pou yo manje l'. Mwen p'ap kite moun lòt nasyon yo bwè diven nou te fatige kò nou fè ak kouraj nou. Men, nou menm ki te ranmase rekòt grenn yo, se nou ki va manje yo, lèfini n'a fè lwanj Seyè a. Se nou menm ki va bwè diven nan lakou kay ki apa pou Bondye a. Nou menm moun lavil Jerizalèm, pase nan pòtay la, soti nan lavil la. Al pare wout la pou pèp la tounen. Ranbleye! Wete wòch sou tout wout la! Leve drapo a, fè tout nasyon yo siyon! Seyè a pral fè tout latè a konnen nouvèl la: -Di moun lavil ki sou mòn Siyon an: Men moun ki delivre nou an ap vini. L'ap mennen moun li sove yo avè l'. Y'ap mache devan l'. Se rekonpans li, se rezilta travay li. Y'a rele nou pèp ki apa pou Bondye a, pèp Bondye delivre a. Y'a rele lavil Jerizalèm lavil Bondye renmen an, lavil Bondye p'ap janm lage a.
Ezayi 62
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.