Madichon pou lènmi nou yo! Y'ap devalize nou, pesonn pa devalize yo. Y'ap trayi nou, pesonn pa trayi yo. Men tou, lè y'a fin devalize nou, moun va devalize yo tou! Lè y'a fin trayi nou, moun va trayi yo tou! Seyè, pitye pou nou! Se nan ou nou mete tout espwa nou! Pwoteje nou jou apre jou! Delivre nou lè nou anba tray! Lè w'ap goumen pou nou, tande lòt nasyon yo tande bri lagè a, yo kouri met deyò, yo gaye. Tankou krikèt nan jaden, nou kouri lage kò nou sou tou sa yo genyen, nou ranmase tout bagay pote ale. Ala pouvwa Seyè a genyen! Li donminen sou tout bagay! L'ap fè tout moun mache dwat nan lavil Jerizalèm. Pesonn p'ap fè lenjistis sou mòn Siyon an. Li p'ap kite anyen rive pèp la ankò. Sa k'ap toujou sove yo, se va bon konprann ak konesans Bondye ap ba yo a. Pi gwo richès yo, se krentif y'a gen pou Seyè a. Vanyan gason ap rele anmwe. Moun yo te voye pou siyen lapè yo ap kriye ak gwo lapenn nan kè yo. Nanpwen pesonn sou granchemen yo. Moun pa vwayaje ankò. Lènmi yo pa respekte kontra yo te siyen an, yo pa kenbe dizon yo. Y'a manke tout moun dega. Peyi a nan lapenn, l'ap deperi. Nan peyi Liban, moun pa konn sa pou yo fè. Gwo rakbwa yo ap cheche. Bèl plenn peyi Sawon an tounen savann. Nan tout peyi Bazan ak peyi Kamèl, tout pyebwa ap pèdi fèy. Seyè a pale ak lòt nasyon yo, li di yo: -Koulye a, m'ap leve kanpe, m'ap fè nou wè jan m' gen pouvwa, jan m' gen fòs kouraj. N'ap fè yon bann lide nan tèt nou ki pa vo anyen. Se nou menm ankò k'ap touye tèt nou. M'ap boule nou tankou yo boule wòch pou fè lacho, tankou pikan chèch yo jete nan dife. Se pou tout moun, ni sa ki pre ni sa ki lwen, tande sa mwen te fè. Se pou tout moun konnen jan m' gen pouvwa. Nan lavil Siyon, moun k'ap fè sa ki mal yo pral gen kè sere. Moun ki refize fè sa Bondye mande a pral tranble. Y'ap di: Jijman Bondye se tankou yon gwo dife k'ap boule san rete. Kilès nan nou ki ka chape anba yon dife konsa? Moun k'ap chape, se moun k'ap mache dwat yo, moun ki pa nan bay manti, moun ki pa sèvi ak pouvwa yo pou pwofite sou lòt moun, moun ki pa asepte lajan sou kote, moun ki pa dakò ak moun k'ap fè plan pou fè mechanste, moun ki pa mele ak moun k'ap fè sa ki mal. Se moun konsa ki pral rive nan lavi. Tankou yon moun ki nan yon gwo fò byen wo, anyen p'ap rive l': l'ap toujou jwenn manje pou l' manje ak dlo pou l' bwè. Yon jou, n'a wè yon wa k'ap gouvènen nan mitan yon bann bèl bagay, nan yon gwo gwo peyi. Lè sa a, n'a chonje sa ki te konn fè nou pè a. Nan kè nou, n'a mande: Kote prepoze kontribisyon yo? Kote kontwòlè mache yo? Kote moun ki t'ap mache enspekte fò yo? Nou p'ap wè bann moun awogan sa yo ankò, bann moun ki soti lòt peyi, ki pale lòt lang ou pa ka menm konprann, yon lang k'ap kòche zòrèy ou. Voye je ou gade lavil Siyon, kote nou fè gwo fèt nou yo! Gade lavil Jerizalèm! Yon bon kote pou moun rete san kè sote. L'ap tankou yon tant yo p'ap janm demoute, pikèt li yo p'ap janm rache, kòd li yo p'ap janm kase. Se la Seyè a pral fè nou wè pouvwa li. M'ap rete bò gwo larivyè a ak gwo kannal dlo yo, men ankenn kannòt, ankenn batiman lènmi p'ap ka pase ladan yo. Paske, se Seyè a menm k'ap chèf nou, se li menm k'ap gouvènen nou, se li ki wa nou, se li k'ap delivre nou. Tout kòd batiman yo p'ap sèvi yo anyen. Ma yo pèdi fòs, vwal yo pa ka louvri. Y'ap piye tou sa lènmi yo te pote sou batiman yo. Ata moun enfenm pral nan piyay la tou. Pesonn nan peyi a p'ap plenyen di li malad ankò. Bondye pral padonnen peche tout moun ki rete lavil Jerizalèm.
Ezayi 33
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.