Madichon pou moun k'ap desann peyi Lejip al chache sekou! Yo mete konfyans yo nan chwal, nan kantite cha lagè, nan fòs sòlda kavalye. Yo pa dòmi reve Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo pa chache pwoteksyon bò Seyè a. Men tou, Seyè a konn sa l'ap fè. L'ap voye malè sou mechan yo, li p'ap chanje pawòl. L'ap pini mechan yo ansanm ak moun k'ap pwoteje mechan yo. Moun Lejip yo, se moun yo ye, yo pa bondye. Chwal yo tankou tout chwal. Se pa chwal Bondye voye! Seyè a pral lonje men l', moun k'ap bay pwoteksyon an ap bite, moun k'ap chache pwoteksyon an ap tonbe. Y'ap mouri ansanm! Men sa Seyè a di m' ankò: -Menm jan yon gwo lyon osinon yon ti lyon ap gwonde lè li fin pran yon bèt, tout gadò yo te mèt mete ansanm pou goumen ak li, yo te mèt rele, sa p'ap fè l' pè, yo te mèt anpil, sa p'ap kraponnen l', konsa tou, Seyè ki gen tout pouvwa a pral desann pou l' pran defans mòn Siyon an ak ti mòn ki pou li a. Menm jan zwezo louvri zèl li anwo nich li pou pwoteje pitit li, konsa tou Seyè ki gen tout pouvwa a pral louvri zèl li pwoteje lavil Jerizalèm. L'ap pwoteje l', l'ap delivre l', l'ap pran defans li, l'ap sove l'. Nou menm pèp Izrayèl, nou te vire do ban mwen, nou te kenbe tèt ak mwen anpil. Koulye a, tounen vin jwenn mwen! Jou sa a, n'a voye jete tout bann vye zidòl nou te fè an ajan ak an lò ak men plen san nou yo. Lagè pral fini ak peyi Lasiri, men se pa moun ki pral fè lagè avè l'. Lè batay la, li pral kouri met deyò, men y'ap pran tout jenn gason l' yo fè yo tounen esklav. Wa a menm pral kouri met deyò sitèlman l'ap pè. Yon sèl latranblad pral pran chèf lagè li yo, y'ap lage drapo yo atè kouri ale. Seyè a pale, se pou li dife k'ap boule sou mòn Siyon an, se pou li gwo boukan ki nan lavil Jerizalèm lan.
Ezayi 31
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.