Bèl ak Nebo, zidòl moun Babilòn yo, fini. Y'ap mete estati yo sou do bèt. Zidòl nou te konn ap leve anlè nan posesyon yo tounen yon chay lou sou do bèt yo ki tou bouke. Ni bèt yo, ni zidòl yo tonbe ansanm atè a. Zidòl yo pa ka delivre ata bèt k'ap pote yo a. Lènmi ap depòte yo tankou moun yo fè prizonye. Nou menm fanmi Jakòb yo, ti rès ki rete nan fanmi Izrayèl la, nou menm mwen te pote nan men depi jou nou te fèt la, nou menm mwen te soutni depi nan vant manman nou an, koute sa m'ap di nou byen: M'ap toujou aji konsa ak nou jouk n'a vye granmoun. M'ap toujou soutni nou jouk n'a gen cheve blan. M'a pote nou nan men m' jan m' te toujou fè l' la. M'a pran nou sou kont mwen, m'a delivre nou. Ak ki moun nou ta konpare m'? Ki moun nou ka di ki sanble m'? Ki moun nou ka mete bò kote m' ki tankou m'? Gen moun ki pran lò nan pòch yo, yo peze ajan nan balans, yo peye yon òfèv pou fè yon bondye pou yo. Lèfini, yo mete ajenou devan l', yo adore l'. Yo leve l' mete sou zepòl yo, yo pote l' ale. Yo mete l' kanpe yon kote, epi li rete la. Kote yo mete l' la, li pa ka deplase. Yo mèt lapriyè nan pye l' kont kò yo, li pa ka reponn! Li pa ka delivre yo lè yo nan tray. Pa janm bliye sa! Mete gason sou nou! Nou menm k'ap fè peche, kalkile tou sa nou fè! Chonje tou sa ki te rive nan tan lontan. Rekonèt se mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt! Se mwen sèl ki Bondye. Nanpwen tankou m'! Depi nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye. Depi davans mwen te fè nou konnen sa ki tapral rive. Mwen te di plan travay mwen gen pou rive fèt vre. M'ap fè tou sa mwen te vle fè a. Mwen rele yon nonm mwen te chwazi soti nan yon peyi byen lwen bò solèy leve. Tankou yon malfini, li pral vini, li pral fè travay mwen ba l' fè a. Depi mwen di yon bagay, se pou l' fèt. Depi mwen fè lide fè yon bagay, fòk li fèt. Koute sa m'ap di nou, bann tèt di, nou menm ki pa soti pou fè sa ki dwat: M'ap fè jou delivrans nou an pwoche. Li pa lwen rive. Mwen p'ap mize vin delivre nou. Mwen pral delivre mòn Siyon. Mwen pral fè pèp Izrayèl la wè pouvwa mwen.
Ezayi 46
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.