Yon jou, va gen yon wa k'ap gouvènen peyi a san patipri. Chèf yo va dirije peyi a jan sa dwe fèt. Yo chak pral tankou kote moun al kache pou move van, tankou kote moun al kache pou van tanpèt. Y'ap tankou yon sous dlo k'ap koule nan dezè, tankou yon kokenn wòch k'ap bay lonbray kote ki pa gen dlo. Je tout moun va louvri pou yo wè sa k'ap pase. Zòrèy tout moun va louvri pou yo konnen sa k'ap fèt nan peyi a. Moun kè cho yo va pran san yo pou yo konprann anvan yo aji. Moun bege yo pral pale byen klè pou tout moun konprann. P'ap gen moun k'ap asepte pran moun sòt pou moun debyen, ni bakoulou pou bon moun. Moun sòt yo ap plede di yon bann vye koze san sans. Y'ap fè move lide nan tèt yo. Konsa, y'ap fè bagay Bondye pa vle moun fè, y'ap bay manti sou Bondye. Yo p'ap janm bay moun ki grangou yon ti manje, yo p'ap janm bay moun ki swaf dlo yon ti gout dlo pou yo bwè. Bakoulou, se koken k'ap fè mechanste. L'ap fè move plan nan tèt li pou l' woule pòv malere yo anba manti, pou l' enpoze endijan yo jwenn jistis. Men, bon moun, se toujou sa ki byen l'ap chache fè, li p'ap janm fè anyen ki pa sa. Nou menm medam k'ap viv alèz yo, leve non. Koute sa m'ap di! Nou menm medam ki san pwoblèm yo, louvri zòrèy nou tande sa m'ap di: Bann paresèz, nan ennan ankò, nou pral nan kont traka nou, paske p'ap gen rezen pou nou keyi, p'ap gen rekòt rezen k'ap fèt. Bann byennerèz, nou pral nan ka! Bann paresèz, nou pral tranble! Wete rad sou nou, rete toutouni, mare ren nou ak ranyon, paske nou pral nan lapenn lè n'a chonje bèl jaden ak bèl grap rezen nou yo, lè n'a wè se pikan ak raje k'ap pouse nan tout jaden pèp mwen an. Nou pral kriye lè n'a chonje tout kay kote moun yo te konn gen kè kontan nan lavil ki te gen anpil aktivite a. Kay wa a ap rete san pesonn ladan l'. Tout moun pral kouri kite kapital la. Bit mòn Ofèl la ak fò ki t'ap pwoteje l' la pral tounen savann pou tout tan. Se la bourik mawon pral pran plezi yo, se la kabrit ak mouton pral chache manje. Men, Bondye gen pou l' voye lespri li desann sou nou ankò. Dezè a va tounen yon bon venn tè. Jaden nou yo va bay bèl rekòt. Toupatou nan peyi a, nan dezè a kou nan jaden yo, p'ap gen lenjistis, ni patipri. Paske tout moun ap fè sa ki dwat, y'a viv ak kè poze, san danje ni malè pou tout tan. Pèp Bondye a va rete lakay yo ak kè poze, san danje. Yo p'ap gen pwoblèm. Men lagrèl pral tonbe sou gwo rakbwa a. Yo pral kraze lavil la. Ala kontan n'a kontan jwenn kont dlo nou pou fè jaden! Lè sa a, nou p'ap bezwen mete bèf ak bourik nou yo nan kòd ankò!
Ezayi 32
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.