Bon konprann bati kay li, li kanpe l' avèk sèt gwo poto. Li fè yo pare bon vyann pou fè fèt, li fè bon konpoze ak diven, li ranje tab la byen ranje. Li rele sèvant li yo, li voye yo moute kote ki pi wo nan lavil la pou fè tout moun konnen nouvèl la, pou di yo: Nou menm ki poko konn anyen, vini non! Li rele moun san konprann yo, l'ap di yo: Vin manje manje mwen an non! Vin bwè bon diven mwen pare a non! Kite sòt! Vin aprann lavi! Vin mache nan chemen konesans. Si w'ap kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz, l'ap joure ou mete sou li. Si w'ap rale zòrèy yon mechan, l'ap bat ou mete sou li. Pa janm kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz. L'a rayi ou. Men, si w'ap kouri dèyè yon moun ki gen konprann, l'a gen respè pou ou. Si ou pale ak yon moun ki gen bon konprann, w'ap fè l' gen plis bon konprann toujou. Plis w'ap moutre yon nonm debyen, plis l'ap mete sou konesans li. Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann. Si ou konnen ki moun Bondye ye, ou gen lespri. Bon konprann ap fè ou viv lontan. L'ap fè ou wè plizyè lanne. Si ou gen bon konprann, premye moun k'ap pwofite sa se ou menm. Konsa tou, si w'ap pase konesans nan betiz, se ou menm tou k'ap peye konsekans lan pou kont ou. Moun sòt, se tankou yon fanm ki pale fò, ki pa konn anyen, ki pa wont anyen. Li chita sou yon chèz devan papòt lakay li, li kage chèz li kote ki pi wo nan lavil la. L'ap rele moun ki sou wout yo, ki pa sou bò l'. L'ap di yo: Vini jwenn mwen non, nou menm ki poko konn anyen! Li pale ak moun ki san konprann yo, li di yo: Dlo kay moun toujou pi fre. Manje deyò toujou gen pi bon gou! Men, moun ki pran nan pawòl fanm sa a pa konnen lè yo mete pye lakay li se papye lanmò yo yo senyen. Depi yo antre lakay li, yo deja mouri.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.