Pito yo nonmen non ou an byen pase pou ou gen anpil richès. Pito moun gen anpil konsiderasyon pou ou pase pou ou gen anpil lajan ak anpil lò. Pa gen diferans ant moun rich ak moun pòv, paske tou de se kreyati Bondye yo ye. Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Men, moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa. Soumèt ou devan Bondye, gen krentif pou li: W'a gen richès, y'a nonmen non ou, w'a viv lontan. Moun ki mache kwochi jwenn pikan ak pèlen sou wout yo. Si ou renmen lavi, pa fè menm wout ak yo. Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p'ap janm bliye l'. Moun rich ap donminen sou moun pòv. Lè ou prete lajan nan men yon moun, ou tounen timoun devan pòt li. Lè ou simen lenjistis, ou rekòlte malè. Ou rete konsa sak te fè ou gen gwo kòlèt la disparèt. Bondye beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè l'. Mete moun k'ap pase lòt moun nan betiz la deyò, lamenm tout kont, tout joure ap sispann. Moun ki pa gen move lide dèyè tèt yo epi ki gen bon pawòl nan bouch yo ap gen wa a pou zanmi yo. Men, Bondye renmen moun ki sensè. Seyè a pwoteje moun k'ap di verite. Men, li fè moun k'ap bay manti yo wont. Parese rete chita lakay li, li di si li soti bèt nan bwa va manje l' nan lari a. Pawòl fanm adiltè se gwo pèlen. Lè Seyè a move sou yon moun, moun lan ap pran nan pèlen sa a. Timoun toujou ap fè move bagay. Men, fwèt ap fè yo pa rekonmanse ankò. Lè w'ap peze yon pòv malere se lespri l' w'ap louvri. Lè w'ap fè moun rich kado, se pòv w'ap fè l' pòv. Louvri zòrèy ou, koute pawòl moun ki gen bon konprann yo. Chache konprann sa m'ap moutre ou la a. L'a bon pou ou toujou kenbe yo nan kè ou, pou yo ka toujou anba lang ou. Koulye a, mwen pral moutre ou tout pawòl sa yo, ou menm tou, pou ou ka mete konfyans ou nan Seyè a. Depi lontan, mwen te ekri bon pawòl sa yo pou ou. W'a jwenn anpil bon konsèy ak konesans ladan yo. Y'a fè ou konnen verite a jan li ye a. Konsa, w'a pote bon repons bay moun ki te voye ou la. Men yo: Pa pran ti sa pòv la genyen an paske se pòv li ye. Pa pwofite sou ti malere yo nan tribinal. Se Seyè a ki va plede kòz yo pou yo. L'a touye moun ki vòlò malere sa yo. Pa fè zanmi ak moun ki ankòlè fasil. Pa mache ak moun ki gen san wo. W'a pran move mès yo. W'a rale malè sou ou. Pa pwomèt pou ou reskonsab dèt yon lòt moun fè. Si ou pa ka peye, y'a sezi ata kabann anba do ou. Pa janm deplase bòn tè kote granmoun lontan te mete yo. Moutre m' yon nonm ki gen ladrès nan sa l'ap fè. Se moun konsa k'ap rive travay ak chèf. Li pa pral travay ak moun ki pa anyen.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.