Pitit mwen, louvri lespri ou pou koute sa m'ap di ou, mwen menm ki gen bon konprann. Louvri zòrèy ou pou ou tande konsèy m'ap ba ou, mwen menm ki gen bon konprann. Konsa, w'a konnen jan pou ou kondi tèt ou byen. Pawòl ki soti nan bouch ou va moutre jan ou se moun ki gen bon konprann. Bouch madanm lòt moun ka dous kou siwo myèl, pawòl ka koule nan bouch yo tankou dlo. Men, lè tout bagay fini, bouch li anmè kou fyèl, lang li file tankou kouto de bò. L'ap mennen ou kote mò yo ye a. Tou sa l'ap fè se pou touye ou. Li p'ap chache chemen lavi. L'ap pwonmennen toupatou, li pa konnen kote li prale. Koulye a, pitit mwen yo, koute m' byen. Pa janm bliye sa m' pral di nou la a. Rete lwen yon fanm konsa. Pa janm pwoche bò pòt lakay li, pou fanm deyò pa fini avè ou, pou ou pa fè nèg ankòlè touye ou anvan lè ou! Si se pa sa, se etranje ki va pran tout byen ou yo. Se lòt moun ki va jwi tou sa ou te travay fè. Lè w'a prèt pou ou mouri, w'a kouche sou kabann ou ap plenn. Maladi ap manje ou nan tout kò ou. Lè sa a, w'a di: Poukisa mwen pa t' vle kite yo rale zòrèy mwen? Mwen pa t' vle koute moun ki t'ap moutre m' sa pou m' fè. Mwen pa t' louvri zòrèy mwen lè yo t'ap pale m'. Yon ti kras ankò, mwen t'ap nan tout kalite malè. La, devan tout moun, mwen t'ap pèdi repitasyon m'. Bwè dlo nan kannari ou. Se ak madanm ou ase pou ou rete. Pa fè pitit ak fanm deyò, pou san ou pa trennen nan lari. Se pou pitit ou grandi anndan lakay ou. Yo pa ka ap sèvi ou pou y'ap sèvi moun deyò tou. Fè kè ou kontan ak madanm ou. Pran plezi ou ak madanm ou renmen depi lè ou te jenn lan. L'ap bèl, l'ap anfòm tankou nègès banda. Se pou karès li yo toujou fè kè ou kontan, se pou ou toujou renmen fè lamou ak li. Pitit mwen, poukisa pou ou renmen yon lòt fanm? Poukisa pou ou kite madanm ou pou madanm lòt moun? Seyè a wè tou sa w'ap fè. Kote ou pase, je l' sou ou. Mechanste mechan yo se yon pèlen pou pwòp tèt yo. Sa yo pare pou lòt moun, se yo menm li rive. Y'ap mouri paske yo pa konn kontwole tèt yo. Y'ap peri paske yo fin pèdi tèt yo nèt.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.