Yon pitit gason ki gen bon konprann ap koute lè papa l' ap rale zòrèy li. Men, moun k'ap pase moun nan betiz p'ap janm koute lè y'ap fè l' obsèvasyon pou korije l'. Rekonpans yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Men, moun ki ipokrit renmen fè mechanste. Veye pawòl ki soti nan bouch ou, w'a pwoteje lavi ou. Moun k'ap prese louvri bouch yo pale ap detwi pwòp tèt yo. Parese p'ap janm jwenn sa yo ta renmen genyen. Men, moun k'ap travay di ap jwenn tou sa yo ta renmen genyen. Moun k'ap mache dwat pa vle wè moun k'ap bay manti. Men, sa mechan yo ap fè a se yon wont, se yon dezonè pou tèt yo. Lè ou toujou fè sa ki byen, lajistis ap pwoteje ou. Men, peche lakòz mechan yo disparèt. Gen moun ki pa gen anyen men ki pran pòz moun rich yo. Gen moun ki pran pòz moun pòv yo, epi se yo ki gen fòtin. Yon moun rich sèvi ak lajan l' pou l' sove lavi l'. Moun ki pòv pa vle tande lè w'ap rele dèyè l'. Moun k'ap mache dwat yo tankou lanp k'ap klere byen klere. Men, mechan yo tankou yon lanp ki prèt pou mouri. Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsèy, se moun ki gen bon konprann. Lajan ou fè fasil pa lwen fini. Lajan ou fè nan di ap toujou fè pitit. Lè ou pa jwenn sa ou t'ap tann lan, se bagay ki pou fè ou malad. Men, lè ou jwenn sa ou te anvi a, se lavi pou ou. Lè ou pa respekte pawòl ki nan lalwa Bondye a, se dèt ou fè. Men, moun ki fè sa lalwa mande yo fè a ap jwenn rekonpans yo. Sa moun ki gen bon konprann ap moutre a bay lavi. L'ap ede ou pou ou pa tonbe lè lavi ou an danje. Lè ou gen bon konprann, sa fè moun renmen ou. Men, lè moun pa ka fè ou konfyans, ou nan di. Tout moun ki gen konprann kalkile byen anvan yo fè yon bagay. Men, moun san konprann yo ap fè ou wè jan yo sòt. Yon move komisyonè ap mete moun nan ka. Men, yon komisyonè serye ap bay moun kè poze. Yon moun ki refize aprann ap toujou pòv, l'ap toujou wont. Men, y'ap respekte moun ki koute lè yo rale zòrèy yo. Ala bon sa bon lè ou jwenn sa ou te anvi a! Moun san konprann derefize kite move chemen yo pran an. Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm. Malè ap pousib moun k'ap fè sa ki mal. Men, moun ki mache dwat ap jwenn bon rekonpans. Yon moun ki gen bon kè ap kite byen pou pitit pitit li. Men, richès moun k'ap fè sa ki mal, se moun ki mache dwat yo k'ap jwi li. Jaden malere bay kont manje. Men, lenjistis fè l' mouri grangou. Si ou pè bat pitit gason ou, ou pa renmen l'. Si ou renmen l', se pou ou korije l'. Moun k'ap mache dwat toujou gen ase pou yo manje. Men, vant mechan yo pa janm plen.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.