Men Pawòl wa Lemwèl, men konsèy manman l' te ba li: Kisa pou m' di ou, pitit mwen, pitit ki soti nan zantray mwen? Se mwen ki te mande Bondye pou l' ban mwen ou. Kisa pou m' di ou? Pa gaspiye kouray ou nan fanm. Veye zo ou ak fanm k'ap fè malè chèf yo. Lemwèl monchè, yon wa pa fèt pou nan bwè bweson. Chèf pa fèt pou nan bwè gwòg. Lè yo bwè konsa, yo bliye lòd yo te bay. Yo p'ap pran ka malere yo. Se moun ki dekouraje ak lavi ki tonbe nan gwòg. Se moun ki gen gwo lapenn nan kè yo ki lage kò yo nan bweson. Yo bwè pou yo bliye mizè yo, pou yo pa chonje lapenn yo. Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo. Pale pou yo. Pa fè patipri. Defann kòz malere yo ak endijan yo. Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò. Mari l' mete tout konfyans li nan li. Tout bagay ap mache byen lakay li. Madanm lan p'ap janm aji mal ak mari l', l'ap pase tout lavi l' ap fè l' byen. Li chache lenn mouton ak fil swa, li travay yo fè twal ak men l'. Tankou bato k'ap pote machandiz, li al byen lwen chache manje mete nan kay la. Solèy poko leve, li gen tan sou pye l', l'ap pare manje pou moun nan kay la. L'ap di sèvant yo sa pou yo fè. Li fè lide sou yon tè, li achte l' ak lajan li fè ak men l'. Li fè jaden rezen sou li. Li mare ren l', li twouse manch rad li pou l' travay. Li santi zafè l' ap mache byen, li rete byen ta lannwit ap travay. Li file koton, li koud rad li. Li lonje men l' bay pòv. Li pran ka malere. Li pa pè fredi pou moun lakay li, paske tout moun gen rad cho pou mete sou yo. Li fè kouvèti lenn pou kabann yo. Tout rad li yo fèt ak twal wouj tise byen sere. Mari l', se yonn nan chèf fanmi lavil la. Tout moun lavil la ap nonmen non l' an byen. Madanm li fe rad pou l' vann, li fè bèl senti, li vann yo ak machann. Li gen anpil kouraj, tout moun respekte l', li pa pè denmen. Lè li louvri bouch li, se bon konsèy li bay. Li toujou gen bon pawòl nan bouch li. Li konnen vire tounen tout moun nan kay la. Li toujou gen yon bagay l'ap fè. Tout pitit li yo ap fè l' konpliman. Mari l' menm ap fè lwanj li. L'ap di: Mwen konnen anpil madanm. Men ou menm, nanpwen tankou ou! Bèl fanm pa di bon madanm pou sa. Bèl figi pa la pou lontan. Men, y'a fè lwanj yon fanm ki gen krentif pou Seyè a. Ba li sa ki pou li a. Lè y'a wè sa l' fè, se pou tout moun fè lwanj li.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.