Seyè a pa vle wè moun k'ap sèvi ak fo balans. Li kontan ak moun ki sèvi ak bon mezi. Kote ki gen lògèy wont pa lwen. Men, moun ki soumèt devan Bondye, se yo ki gen bon konprann. Moun k'ap mache dwat yo konnen sa pou yo fè, paske se moun serye yo ye. Men, moun k'ap mache bay moun koutba, yo gen pou yo fini mal, paske se bakonyè yo ye. Jou malè, richès pa ka sèvi ou anyen. Men, si ou se moun serye, sa ka sove lavi ou. Yon moun k'ap mache dwat ap viv san pwoblèm, paske li serye. Men, mechan yo ap tonbe nan pwòp pèlen mechanste yo. Lè yon moun serye fè sa ki dwat, sa ap sove l'. Men, moun k'ap mache bay moun koutba, y'ap pran nan move jwèt y'ap fè a. Lè yon mechan mouri, sa l' t'ap tann lan mouri ansanm avè l'. Konfyans li te mete nan byen li yo pa sèvi l' anyen. Jou malè, moun ki mache dwat ap jwenn pwoteksyon. Sa ki pou ta rive l' la, se mechan an li rive. Moun ki san respè pou Bondye ap touye moun ak lang yo. Men, konesans ap sove moun k'ap mache dwat yo. Lè sa mache pou moun serye yo, tout moun lavil la gen kè kontan. Konsa tou, lè mechan yo mouri, se kontantman pou tout moun. Se bèl bagay pou yon lavil lè li gen moun serye ladan l'. Men, mechan yo ap detwi l' ak lang yo. Avili yon frè parèy ou, se bagay moun san konprann fè. Yon moun lespri konnen pou l' pe bouch li. Moun k'ap mache fè tripotay mete tout sekrè deyò. Men, moun ki toujou kenbe pawòl yo, kè yo se kòfrefò. Lè pa gen moun ki konn gouvènen, peyi a pa ka mache. Men, lè gen anpil moun k'ap bay bon konsèy, peyi a sove. Lè ou pwomèt pou ou peye dèt yon moun ou pa konnen, w'a gen pou règrèt sa pita. L'a pi bon pou ou si ou refize bay garanti pou yon lòt. Tout moun va fè lwanj yon fanm ki gen bon karaktè. Konsa tou, gason ki gen kouraj nan travay ap jwenn ak kòb li. Lè ou gen bon kè, se yon byen ou fè pou tèt ou. Men, moun ki san pitye yo, se tèt yo y'ap fè tò. Mechan yo kwè y'ap fè benefis. Men, moun k'ap fè sa ki dwat yo toujou jwenn rekonpans yo. Yon moun ki soti pou fè sa ki dwat ap toujou viv. Men, moun k'ap chache fè sa ki mal gen pou yo mouri. Seyè a pa vle wè moun k'ap mache pye gaye. Men, li pran plezi l' ak moun k'ap mache dwat nan chemen yo. Wè pa wè, yo gen pou yo pini mechan yo. Men, tout moun k'ap mache dwat yo ap sove. Yon bèl fanm ki nan dezòd se yon bèl zanno lò nan nen kochon. Lè moun k'ap mache dwat yo jwenn sa yo te vle a, se kontantman pou tout moun. Men, lè se mechan yo ki jwenn sa yo t'ap tann lan, sa pa fè pesonn plezi. Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y'ap vin pi pòv. Lè ou bay ak kè kontan, ou p'ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou. Pèp la ap madichonnen moun k'ap sere manje nan depo pou pri a ka moute. Men, l'ap fè lwanj pou moun k'ap vann manje a nan mache. Moun k'ap chache fè sa ki byen ap jwenn favè Bondye. Men, moun k'ap kouri dèyè malè, se malè ki pou rive l'. Moun ki mete konfyans yo nan byen yo ap tonbe tankou fèy chèch. Men, moun k'ap mache dwat yo ap pouse tankou boujon. Yon nonm ki mete dezòd nan fanmi li, lakòz madanm li ansanm ak tout pitit li yo nan tou sa ki pa bon. Moun san konprann ap toujou esklav moun ki gen bon konprann. Lè ou mache dwat, sa fè moun viv. Lè ou gen bon konprann, ou sove lòt moun. Gade! Moun ki mache dwat jwenn rekonpans yo isit sou latè. Men, nou pa bezwen mande si moun k'ap fè mechanste ak moun k'ap viv nan peche p'ap jwenn ak pa yo tou!
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.