Pitit mwen yo, koute yon papa lè l'ap ban nou bon levasyon. Louvri zòrèy nou pou nou ka gen konprann. Pa janm bliye anyen nan sa m'ap moutre nou la a: Se bon konsèy m'ap ban nou. Lè mwen te timoun piti lakay papa m', lè sa a mwen te sèl pitit manman mwen. Papa m' t'ap moutre m' anpil bagay. Li te konn di m': Kenbe pawòl mwen nan kè ou. Fè sa m'ap di ou fè, konsa w'a viv. Chache gen konesans ak bon konprann. Pa janm bliye sa m'ap di ou la a. Pa vire do ba yo. Pa lage konesans ou. L'a toujou pwoteje ou. renmen l', li p'ap kite anyen rive ou. Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann. renmen konesans, l'ap fè ou mache tèt wo. Kenbe l', pa lage l'. L'a fè yo respekte ou. Se va yon bèl bagay pou ou, tankou yon kouwòn sou tèt ou. Se va yon lwanj pou ou kote ou pase. Koute sa m'ap di ou, pitit mwen. Pa bliye sa m'ap moutre ou la a, konsa w'a viv lontan. Mwen moutre ou jan pou ou viv ak bon konprann. Mwen fè ou konnen jan pou ou mache dwat. Lè w'ap viv avèk bon konprann, anyen p'ap bare wout ou. Ou mèt ap kouri, ou p'ap janm bite sou anyen. Pa janm bliye sa yo te moutre ou, kenbe l' fèm. Pa kite l' chape anba men ou, se tout lavi ou. Pa fè menm chemen ak mechan yo. Pa swiv egzanp moun ki deprave yo. Pa fè sa, pa pran chemen sa yo menm. Refize fè tankou yo, fè chemen pa ou. Mechan yo p'ap dòmi toutotan yo pa fè sa ki mal. Dòmi pa ka pran yo si yo pa rive fè sa yo vle fè a. Se nan fè mechanste yo jwenn manje pou yo manje. Se nan fè moun mal yo jwenn diven pou yo bwè. Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt. Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite. Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap soti nan bouch mwen. Pa janm kite yo soti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo. Se lavi pou moun ki jwenn yo. Se lasante pou tout moun ki konprann yo. Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv. Pa janm kite manti soti nan bouch ou, ni move pawòl, ni mo deplase. Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan. Chache konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou. Pa vire ni adwat ni agoch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.