Pa anvye sò mechan yo. Pa chache fè zanmi ak yo. Yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè mechanste. Yon sèl pawòl ki nan bouch yo, se fè moun mal. Bon konprann ap fè kay ou kanpe. Bon konesans ap fè l' kanpe fèm. Kote ki gen konesans, pyès kay yo plen ak bon bagay ki koute chè. Pito ou gen bon konprann pase ou gen fòs. Wi, moun ki gen konesans vo plis pase moun ki gwonèg. Paske, se pou ou ranje plan ou anvan ou antre nan batay. Plis ou gen moun k'ap ba ou konsèy, plis ou gen chans pou ou genyen batay la. Pawòl moun konprann twò wo pou moun san konprann. Yo pa gen anyen pou yo di kote koze serye ap pale. Lè yon moun tout tan ap kalkile jan pou l' fè sa ki mal, y'ap rele l' malveyan. Tou sa moun san konprann gen lide fè, se fè sa ki mal. Konsa tou, moun pa vle wè moun k'ap plede pase moun nan betiz. Si jou malè ou pa gen kouraj pou kenbe, ou pa t' janm gen fòs vre. Delivre moun y'ap trennen pou y' al touye. Sove moun y'ap bourade pou y' al egzekite. Si ou pran pòz ou pa t' konn sa, chonje Bondye. Li menm k'ap jije sa ki nan kè moun, l'ap wè sa. Li menm k'ap veye tou sa w'ap fè, l'ap konn sa. L'ap fè tout moun peye pou sa yo fè. Pitit mwen, bwè siwo myèl, sa bon pou ou. Menm jan siwo myèl k'ap koule soti nan gato myèl dous nan bouch ou, se konsa konesans ak bon konprann bon pou nanm ou. Si ou genyen yo, w'a fè chemen ou nan lavi. Sa w'ap tann lan, lavalas p'ap pote l' ale. Pa janm fè plan tankou mechan yo pou chache fofile kò ou anndan kay moun k'ap mache dwat. Pa chache devalize kote l' rete a. Paske, moun k'ap mache dwat yo te mèt tonbe sèt fwa. Pa pè, y'ap toujou leve ankò. Men, nan mechanste yo, mechan yo ap tonbe, yo p'ap ka leve ankò. Pa prese fè kè ou kontan lè malè rive lènmi ou. Pa kouri fè fèt lè li bite. Seyè a ap wè sa. Sa p'ap fè l' plezi. Li ka rive pa pini l' poutèt sa. Pa kite moun k'ap fè sa ki mal fè ou pèdi tèt ou. Pa anvye sò mechan yo. Paske mechan yo pa pral lwen. Lavi yo tankou yon lanp k'ap mouri. Pitit mwen, gen krentif pou Seyè a. Respekte wa a. Ou pa gen anyen pou ou wè ak moun k'ap kenbe tèt ak yo. Moun sa yo ap rete konsa, malè ap tonbe sou yo. Ou pa janm konnen ki kalite malè Seyè a osinon wa a ka fè rive sou ou. Men lòt pawòl moun ki gen bon konprann yo te di ankò. Sa pa bon pou yon jij gade sou figi moun lè l'ap rann jijman. Lè yon jij di yon moun ki fè sa ki mal: Se ou ki gen rezon, jij sa a, tout moun gen pou madichonnen l'. Y'ap rayi l' toupatou sou latè. Men, jij ki pini moun ki antò a va gen kè kontan. Bondye va beni l'. Tout zafè l' va mache byen. Lè ou bay yon bon repons, ou aji tankou yon bon zanmi. Regle tout zafè ou. Mete jaden ou anfòm. Apre sa, ou mèt tabli. Pa leve pale sou do frè parèy ou san rezon. Pa bay manti sou li. Pa janm di li fè m', m'ap fè l' tou. M'ap fè l' peye sa li fè a. Mwen pase bò jaden yon nonm parese, bò jaden rezen yon moun ki san konprann. Pikan te fin pran jaden an nèt. Move zèb t'ap pouse toupatou. Lantouraj jaden yo te fin tonbe. Lè mwen wè sa, mwen kalkile. Mwen gade, sa ban m' yon leson. Dòmi, kabicha, kouche sou do, kwaze men ou dèyè tèt ou... Se bon! W'ap rete konsa, w'ap wè ou pòv. Mizè ap tonbe sou ou tankou yon ansasen san ou pa atann.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.