Pitit mwen, si ou pwomèt pou ou reskonsab dèt yon zanmi ou fè, si ou bay pawòl ou pou lajan yon lòt moun prete, si yo pran pawòl ki soti nan bouch ou pou mele ou, si pwomès ou te fè yo tounen yon pèlen pou ou, ay, pitit mwen! men sa pou ou fè pou ou wete tèt ou nan traka sa a. Kouri al jwenn zanmi ou lan, kenbe l' kout. Pa dòmi sou sa. Pa kite sa trennen. Degaje ou chape kò ou anba men l', tankou kabrit k'ap chape kò l' anba men kaptè, tankou zwazo k'ap bat pou l' sove nan men chasè. Ou menm parese, al pran leson nan men foumi yo. Ale wè jan y'ap viv pou ou manyè konprann lavi. Yo pa bezwen moun pou di yo sa pou yo fè. Yo pa bezwen moun pou veye yo, ni pou ba yo lòd. Men, yo pase mwa chalè ap fè pwovizyon. Nan tan rekòt, yo ranmase manje mete la. Parese, kilè w'a sispann pase tout jounen ou kouche sou do? Kilè w'a souke kò ou leve sot nan dòmi? W'ap di: Kite m' fè yon ti dòmi. Kite m' fè yon ti kabicha non. M'ap lonje kò m' pou m' pran yon ti repo. Antan w'ap dòmi an, san ou pa konnen, se pòv w'ap vin pi pòv. Grangou ap tonbe sou ou tankou yon vòlè nan gran chemen. Mechan yo fin deprave. Y'ap mache bay manti toupatou. Y'ap twenzi je yo sou moun, y'ap peze gwo zòtèy yo atè. Y'ap fè siy ak dwèt yo. Se move lide ase ki nan kè yo, yo toujou sou plan. Kote yo pase y'ap pouse dife. Se poutèt sa, y'ap rete konsa y'ap fini, y'ap glise tonbe san yo p'ap ka leve ankò. Gen sis bagay Seyè a pa vle wè. Sa m'ap di la a: Gen menm sèt bagay li pa ka sipòte: Se moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun, se moun k'ap bay manti, se moun k'ap touye moun inonsan, se moun k'ap fè move lide nan tèt yo pou fè mechanste, se moun ki toujou pare pou fè sa ki mal, se fo temwen k'ap bay manti sou moun, se moun k'ap mete frè ak zanmi dozado. Pitit mwen, toujou fè sa papa ou di ou fè. Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou. Kenbe pawòl yo nan kè ou, pa janm bliye yo. Mete yo nan kou ou tankou yon kolye. Pawòl sa yo va moutre ou bon chemen nan tou sa w'ap fè. Y'ap pwoteje ou lè w'ap dòmi lannwit. Y'a ba ou konsèy lè je ou klè. Pawòl sa yo ap tankou yon lanp pou ou. Sa yo moutre ou ap tankou yon limyè nan lavi ou. Lè y'ap korije ou, lè y'ap rale zòrèy ou, se moutre y'ap moutre ou chemen lavi. Y'ap fè ou rete lwen fanm k'ap twonpe mari yo, pou ou pa pran nan pawòl dous madan marye ki nan dezòd. Yo te mèt bèl kou yo bèl, pa kite yo pran tèt ou. Pa kite yo pran tèt ou lè y'ap fè je dou ba ou. Yon jennès ka koute yon kraze kòb. Men, yon fanm adiltè dèyè pou l' pran tou sa ou genyen. Ou pa ka sere dife anndan rad sou ou pou rad la pa boule. Ou pa ka mache sou chabon dife pou pye ou pa boule. Konsa tou, se yon gwo danje pou ou kouri dèyè fanm yon lòt gason. Depi ou manyen yon fanm konsa, ou gen pou ou peye pou sa. Menm lè yon vòlò vòlò paske li grangou, se pa sa ki di li pa vòlò pou sa. Si yo bare l', y'ap fè l' peye sèt fwa lavalè sa l' pran an. Y'a fè l' bay tou sa li gen lakay li. Men, yon nonm ki fè adiltè, se moun fou li ye, se detwi l'ap detwi tèt li. L'ap pran baton. Y'ap pase l' anba kont betiz, l'ap toujou wont pou sa l' fè a. Lè yon mari ap fè jalouzi pou madanm li, nanpwen move tankou l'. Jou li mete men sou nèg la, pa gen anyen li p'ap fè l'. Li p'ap asepte lajan. Nanpwen kado ki pou fè l' bliye sa.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.