Pito ou pòv men ou se nèg serye pase pou w'ap bay manti epi pou ou sòt met sou li. Sa pa bon pou ou prese fè anyen san ou pa konprann sa w'ap fè. Si ou pa gen pasyans, ou ka nan pwoblèm. Se sotiz yon nonm ki fini avè l'. Apre sa, li konprann pou l' fache sou Bondye. Lè ou gen lajan, ou toujou gen zanmi. Men lè ou pòv, dènye zanmi vire do ba ou. Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Pa gen rechap pou moun k'ap bay manti. Anpil moun ap achte figi grannèg. Tout moun vle zanmi moun k'ap bay favè. Lè ou pòv, ata frè ou pa vle wè ou. Ou pa bezwen mande si zanmi p'ap lage ou! Tout chache w'ap chache pale ak yo, yo pa okipe ou! Si ou renmen tèt ou, chache gen konprann. Pa bliye sa ou te aprann, zafè ou va mache byen. Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Moun k'ap bay manti gen pou mouri. Yon moun ki san konprann pa fèt pou gen tout bagay, ni yon esklav pa fèt pou chèf sou grannèg. Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal. Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Men, favè yon chèf se tankou lapli sou jaden. Yon pitit ki san konprann se yon malè pou papa l'. Yon fanm ki toujou ap chache kont, se yon goutyè k'ap degoute dlo san rete. Kay ak lajan, se byen manman ak papa ka mouri kite pou ou. Men, yon fanm ki gen konprann, se Seyè a ase ki ka fè ou jwenn sa. Parès fè je ou toujou lou. Moun ki rete san fè anyen ap rete grangou. Moun ki fè sa Bondye mande ap viv lontan. Moun ki pa mache jan Bondye vle l' l'a pa lwen mouri. Lè ou bay pòv lacharite, se Bondye ou prete. Se li menm ki va renmèt ou sa. Korije pitit ou yo lè yo piti toujou. Men, pa bat yo jouk ou touye yo. Moun ki gen san wo ap peye konsekans zak li yo. Si ou wete l' nan move pa a yon fwa, w'ap blije fè l' pou li tout tan. Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri. Yon moun te mèt fè tout kalite lide nan tèt li. Men, sa Seyè a vle a, se sa ki pou rive. Tou sa yo mande yon moun se pou l' gen bon kè. Pito yon moun pòv pase l' mantò. Gen krentif pou Bondye, w'a jwenn lavi, w'ap toujou kontan. Malè p'ap rive ou. Gen moun ki sitèlman parese ata manje yo pa vle mete nan bouch yo. Pase awogan yo yon je baton, moun san konprann yo va konprann. Rale zòrèy moun ki gen konprann yo, y'a vin gen plis konesans. Se yon wont, se yon dezonè pou yon pitit aji mal ak papa l', osinon pou l' mete manman l' deyò lakay li. Pitit mwen, lè ou sispann aprann, ou pa lwen bliye sa ou konnen deja. Yon temwen k'ap bay manti pase lajistis nan betiz. Mechan yo pran plezi nan fè mechanste. Baton an tou la pou moun k'ap pase moun nan betiz. Fwèt la tou pare pou dèyè moun ki san konprann.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.