Moun ki renmen yo korije yo, se moun ki toujou vle konnen. Men, moun ki pa renmen yo rale zòrèy yo, se moun san konprann. Seyè a kontan ak moun k'ap fè sa ki byen. Men, l'ap kondannen moun ki toujou sou plan. Fè mechanste pa bay moun fòs pou yo rete kanpe. Men, moun ki mache dwat p'ap janm brannen. Yon bon madanm se yon lwanj li ye pou mari li. Men, yon madanm ki fè mari l' wont, se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo. Yon nonm serye p'ap janm mete nan tèt li pou l' fè ou lenjistis. Men, mechan yo ap toujou chache twonpe ou. Pawòl ki soti nan bouch mechan se pèlen pou touye moun. Men, pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat yo, se delivrans pou moun ki an danje. Rive yon lè, pye mechan yo chape. Ou chache yo, ou pa wè yo. Men, fanmi moun k'ap mache dwat yo ap toujou la. Y'ap fè lwanj moun ki gen konprann. Men, y'ap meprize moun ki malveyan. Pito ou pase pou malere men ou gen manje pou ou manje, pase pou ou pran pòz grannèg ou epi w'ap mouri grangou. Moun ki mache dwat okipe ata zannimo nan lakou yo. Men, mechan yo san zantray. Moun ki travay jaden ap jwenn manje pou yo manje plen vant yo. Men, moun k'ap pèdi tan yo nan fè bagay san valè, se san konprann yo ye. Mechan toujou ap fè gwo lide dèyè bagay mechan parèy yo pran. Men, moun k'ap mache dwat ap fè bagay k'ap rapòte yo. Pawòl ki soti nan bouch moun mechan tounen yon pèlen pou yo. Men, moun k'ap mache dwat ap soti nan tout move pa. Rekonpans yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Sa ou fè se sa ou wè. Moun sòt toujou konprann sa y'ap fè a byen. Men, moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba yo. Lè yon moun san konprann ankòlè, tout moun wè sa lamenm. Men, yon moun veyatif, lè ou fè l' malonèt, li fè tankou li pa konprann. Lè ou di verite nan tribinal, ou rann lajistis sèvis. Men, temwen k'ap bay manti, se lenjistis l'ap ankouraje. Pawòl moun ki di tou sa ki vin nan bouch yo se kout ponya. Men, pawòl moun ki gen bon konprann se renmèd. Manti la pou yon ti tan. Men, verite la pou tout tan tout tan. Moun k'ap kalkile jan pou yo fè moun mal, se move kou y'ap chache pote. Men, moun k'ap bay bon konsèy ap gen kè kontan. Malè pa janm rive moun k'ap mache dwat. Men, pou mechan yo se apse sou klou. Seyè a pa vle wè moun k'ap manti. Men, li kontan nèt ak moun ki toujou kenbe pawòl yo. Moun lespri pa janm nan fè moun wè tou sa yo konnen. Men, moun san konprann ap mache fè moun wè jan yo sòt. Travay di fè ou grannèg. Men, parese fè ou rete ak moun. Tèt chaje kraze kouraj yon moun. Men, yon bon pawòl fè kè l' kontan. Moun ki mache dwat ap toujou moutre zanmi l' bon chemen. Men, mechan an ap fè yo pèdi chemen yo. Parese ap toujou rete grangou. Tout richès yon moun se travay li. Fè sa ki dwat, w'a jwenn ak lavi. Fè sa ki mal, w'a jwenn ak lanmò.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.