Pitit mwen, aprann sa m'ap moutre ou la a. Chache pou ou pa janm bliye sa mwen di ou fè a. Se poutèt sa, louvri zòrèy ou pou ou tande sa moun ki gen sajès ap di ou. Chache konprann yo. Wi, pa janm sispann chache gen konesans. Mande pou ou gen bon konprann. Kouri dèyè konesans tankou moun k'ap kouri dèyè lajan. Chache konesans tankou moun k'ap chache ja lajan. Si ou fè tou sa, w'a konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye. W'a resi konnen ki moun Bondye ye. Se Seyè a ki bay konesans. Pawòl ki soti nan bouch li bay lespri ak konprann. Lè yon moun mache dwat, Seyè a ba li bon konsèy. Lè yon moun serye, li pwoteje l'. Li pwoteje moun ki pa fè lenjistis. Li pran defans moun ki kenbe fèm nan sèvis li. Si ou koute m', w'a konnen ki jan pou ou mennen bak ou byen, ki jan pou ou pa fè lenjistis. W'a konnen ki jan pou ou mache dwat nan lavi. W'a konnen tout bon bagay ou dwe fè. Lè sa a, w'a gen bon konprann nan ou. W'a pran tout plezi ou nan konesans ou genyen. Entèlijans ou p'ap kite anyen rive ou, konesans ou pral yon pwoteksyon pou ou. Yo p'ap kite ou fè sa ki mal. Yo p'ap kite moun k'ap fè bèl diskou pou twonpe moun pwoche bò kote ou. Moun sa yo, se moun ki kite chemen dwat la pou lage kò yo nan fènwa. Se moun ki pran plezi yo nan fè sa ki mal. Se moun ki kontan anpil pou wè mechanste lòt moun ap fè. Ou pa janm konnen kote ou ye ak moun sa yo, tout kò yo se plan. Entèlijans ou ak konesans ou va delivre ou anba fanm adiltè yo, anba fanm lòt peyi ki gen bèl pawòl dous pou pran tèt ou. Fanm konsa se fanm k'ap twonpe mari yo, fanm ki bliye pwomès yo te fè Bondye. Si ou mete pye lakay yo, ou sou wout lanmò. Si ou ale lakay yo, ou pa lwen ale kote mò yo ye a. Lakay yo, se antre pa soti. Pa gen lavi pou ou ankò! Se poutèt sa, swiv egzanp moun debyen. Mache pye pou pye dèyè moun ki pa fè chemen kwochi. Paske se moun k'ap mache dwat yo ki pral rete nan peyi a. Se moun serye yo ki pral la. Men, Bondye ap disparèt mechan yo nan peyi a. L'ap rache moun k'ap fè sa ki mal yo tankou yo rache move zèb.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.