Moun k'ap viv apa se tèt li ase li konnen. Li move sou tout moun ki vle ba li bon konsèy. Moun sòt pa pran plezi l' nan chache konprann. Tou sa l'ap chache se fè moun konprann li gen lespri. Y'ap meprize moun k'ap fè mechanste. Moun ki pa fè respè tèt yo gen pou yo wont. Pawòl moun ki gen konprann fon kou lanmè, fre tankou yon sous k'ap koule tout tan. Sa pa bon pou ou pran pou moun mechan, ni pou ou enpoze yo rann moun inonsan jistis. Depi moun sòt ap pale, se kont l'ap chache. Si ou koute pawòl nan bouch li, w'a ba l' kou. Bouch moun sòt se kondannasyon li. Pawòl ki soti nan bouch li tounen pèlen pou li. Tripotay dous nan zòrèy moun ki vle tande yo. Sa mache nan san yo. Moun ki parese nan travay li se menmman parèyman ak moun k'ap defèt sa k'ap fèt. Seyè a, se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon. Pou moun rich yo, byen yo tankou yon ranpa byen solid. Yo mete nan tèt yo se sa k'ap pwoteje yo. Lè w'ap fè awogans, yo pa lwen kraze ou. Lè ou fè kò ou piti, y'a fè lwanj ou. Moun ki prese reponn san koute sa y'ap di l', se moun sòt li ye. Li gen pou l' wont. Lè yon moun anvi viv, sa ede l' anpil lè li malad. Men, si li dekouraje, ki moun ki ka remoute kouraj li? Yon moun lespri ap toujou chache gen plis konesans. Zòrèy moun ki gen bon konprann toujou pare pou l' ka konnen plis toujou. Kado ou fè louvri chemen pou ou toupatou, ata chemen ki mennen lakay grannèg. Moun ki pale anvan nan tribinal toujou sanble li gen rezon. Lè lòt moun lan parèt, kat je kontre, manti kaba. Lè de grannèg gen kont, jij yo fè tiraj osò pou konnen kilès pou yo bay rezon. Li pi fasil pou mete lapè nan yon gwo lavil pase pou ou rekonsilye de frè ki nan kont. Lè yo fache, kè yonn se pòt prizon pou lòt. Rekonpans yon moun chita sou sa ki soti nan bouch li. Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w'ap jwenn. Lè yon nonm jwenn yon bon madanm, se yon bon bagay. Se yon gwo favè Seyè a fè l'. Lè yon pòv ap pale, li toujou nan tanpri souple. Men, moun rich toujou ap rele sou moun. Gen zanmi se pran yo vin pran. Men, gen zanmi tou yo plis pase frè.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.