Pa fè grandizè pou sa ou pral fè denmen. Ou wè jòdi, ou pa konn denmen. Kite lòt moun pale byen pou ou. Pa fè sa ou menm. Kite etranje fè lwanj pou ou. Pa janm fè lwanj tèt pa ou. Wòch lou, sab lou. Men, yo pa ka pi lou pase yon moun san konprann lè l' fache. Lè yon moun ankòlè, li kraze brize. Men, ki moun ki ka kenbe tèt ak yon moun k'ap fè jalouzi? Pito ou rale zòrèy yon moun kareman pase pou ou kite l' konprann sa li fè a pa anyen. Lè yon zanmi ap rale zòrèy ou, se byen ou li vle wè. Men, lè yon lènmi ap pase men l' nan kou ou, se twonpe l'ap twonpe ou. Lè vant moun plen, yo refize ata siwo myèl. Lè moun grangou vre, menm bagay anmè gou nan bouch. Yon moun ki lwen lakay li, se tankou yon zwezo ki byen lwen nich li. Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouraj. Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen. Pitit mwen, aprann gen bon konprann. Fè kè m' kontan. Konsa, m'a ka reponn moun k'ap kritike m' yo. Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa. Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo sezi ata rad ki sou li jouk lòt la peye. Si ou di yon zanmi ou bonjou twò fò granmaten, se tankou si ou te ba li madichon. Yon fanm ki toujou ap chache kont, se tankou yon goutyè k'ap degoute lè lapli ap tonbe tout lajounen. Si ou rive fè l' pe bouch li, w'a kenbe van ak men ou, w'a kenbe lwil ak dwèt ou tou! Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt. Moun ki pran swen yon pye rezen, se li ki va jwenn rezen pou li manje. Moun ki fè travay mèt li byen, y'a gen respè pou li. Lè ou gade nan glas, se pwòp figi ou ou wè ladan l'. Konsa tou, lè ou gade nan kè yon moun, ou wè ki moun li ye. Menm jan toujou gen plas pou mò kote mò yo ye a, konsa tou, toujou gen plas pou lanvi nan kè moun. Yo pase lò ak ajan nan dife pou wè si yo bon. Konsa tou, dapre jan yo nonmen non yon moun, yo ka di ki moun li ye. Ou te mèt woule yon moun sòt anba baton tankou yo bat pwa, se pa sa k'ap fè l' kite sòt. Chache konnen jan tout bèt ou yo ye. Pran swen yo. Richès pa la pou tout tan. Ou ka pa rive pase tout byen ou bay pitit pitit ou. Lè ou koupe zèb, li pouse ankò. Konsa, toujou gen zèb sou mòn yo. Mouton ou yo ap ba ou lenn pou fè rad met sou ou. Bouk kabrit yo ap rapòte ou lajan pou achte tè pou fè jaden. W'a jwenn kont lèt kabrit pou ou bwè ak fanmi ou ansanm ak moun k'ap sèvi lakay ou.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.