Men, Bondye vin chonje Noe ansanm ak tout bèt bwa ak zannimo domestik ki te avè l' nan batiman an. Bondye fè yon van soufle sou latè, epi dlo yo konmanse bese. Sous dlo ki nan fon lanmè a te sispann bay dlo. Syèl la sispann bay dlo tou. Lapli sispann tonbe. Dlo yo menm t'ap bese, yo t'ap bese piti piti. Se sou sansenkant (0150) jou dlo yo te konmanse bese. Sou sis mwa disèt jou, batiman an fè tè sou tèt mòn Arara yo. Dlo yo t'ap bese toujou jouk sou dizyèm mwa a. Sou premye jou dizyèm mwa a, tèt mòn yo parèt. Karant jou apre sa, Noe louvri fennèt li te fè nan batiman an. Li lage yon kònèy. Kònèy la soti. li ale vini, li ale vini jouk dlo a te fin cheche nèt sou latè. Apre sa, li lage yon pijon, pou l' wè si dlo a te fin bese sou tè a. Men, pijon an pa t' jwenn kote pou l' poze. Li tounen vin jwenn Noe nan batiman an, paske te gen dlo sou tout latè toujou. Noe lonje men l', li pran pijon an, li fè l' antre nan batiman an ankò. Li tann sèt jou pase. Apre sa, li lage pijon an yon dezyèm fwa, li fè l' soti nan batiman an. Vè aswè konsa, pijon an tounen vin jwenn li. Men, fwa sa a, li te gen yon fèy oliv tout vèt nan bèk li. Konsa, Noe vin konnen dlo a te bese sou tout latè. Li tann sèt jou pase anvan li lage pijon an ankò. Fwa sa a menm pijon an pa t' tounen vin jwenn li ankò. Se konsa, lè Noe te gen sisan ennan (0601 an), nan premye jou premye mwa lanne jwif yo, dlo a te fin bese nèt sou latè. Noe dekouvri batiman an, li voye je l' gade, li wè tout tè a te chèch. Sou vennsetyèm jou dezyèm mwa a, tè a te fin chèch nèt. Lè sa a, Bondye di Noe: -Soti nan batiman an, ou menm, madanm ou, pitit ou yo ansanm ak madanm pitit ou yo. Fè tout bèt yo soti tout ansanm avèk ou, zwazo yo, zannimo domestik yo, tout bèt k'ap trennen sou vant yo. Se pou yo fè pitit, fè anpil pitit pou mete sou tè a ankò. Se konsa Noe soti nan batiman an ansanm ak madanm li, pitit li yo ak madanm pitit li yo. tout bèt bwa yo, tout zannimo domestik yo, tout bèt k'ap trennen sou vant yo, tout zwazo yo, yo tout yo soti nan batiman an tou. Noe bati yon lotèl. Li pran yonn nan chak kalite bèt ak zwazo ki bon pou moun manje, li touye yo, li boule yo nèt sou lotèl la. Lè Bondye pran bon sant lan, sa te fè l' plezi. Li di nan kè l' -Mwen p'ap janm bay tè a madichon ankò poutèt sa lèzòm fè, paske depi yo jenn, se move lide ase ki nan kè yo. Mwen p'ap janm detwi tout bèt vivan yo ankò, jan mwen sot fè l' la. Toutotan latè a la, va gen yon lè pou plante, yon lè pou rekòlte, va gen sezon fredi ak sezon chalè, va gen sezon sèk, ak sezon lapli, va gen lajounen, va gen lannwit. Wi, toutotan latè a la, bagay sa yo p'ap janm sispann.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.