De zanj Bondye yo rive Sodòm nan aswè. Lòt te chita bò pòtay lavil la. Wè li wè yo, li leve, li al kontre yo. Li bese tèt li jouk atè pou l' di yo bonjou. Li di. Mesye, mwen la pou m' sèvi nou. Tanpri, vin lakay mwen. n'a ka lave pye nou, n'a pase nwit la la. Denmen maten, n'a leve, n'a reprann wout nou. Mesye yo reponn. Non. Nou pral pase nwit la sou laplas la. Men Lòt te fòse yo sitèlman, y' al lakay li avè l'. Lòt pare yon bon manje pou yo, li fè pen san ledven. Epi yo manje. Yo pa t' ankò kouche, lè mesye lavil Sodòm yo, jenn gason kou vye tonton, sènen kay la. tout gason nan lavil la te kouri vini. Yo rele Lòt, yo di l' konsa. Kote mesye ki vin pase nwit lakay ou aswè a? Fè yo soti vin jwenn nou pou nou kouche ak yo? Lòt soti al jwenn yo nan papòt la. Li fèmen pòt la dèyè do l', li di yo konsa Tanpri, mezanmi. Pa fè bagay sal sa a. Gade, mwen gen de pitit fi ki tifi toujou, m'ap mennen yo ban nou. Nou mèt fè sa nou vle avèk yo. Men, pa fè mesye sa yo anyen, paske mwen resevwa yo lakay mwen, mwen fèt pou m' pwoteje yo. Men, yo di. Wete kò ou la. Se moun vini ou ye! Kisa ou ye atò pou ou vin di nou sa pou nou fè. Sispann fè radòt la a, anvan nou pa fè ou pi mal pase yo. Sa ou tande a, yo bourade Lòt, epi yo pwoche pou yo defonse pòt la. Men, de mesye yo ki te anndan an lonje men yo, yo rale Lòt antre anndan, epi yo fèmen pòt la. Lèfini, yo vegle tout mesye ki te devan pòt kay la, depi pi piti a jouk pi gran an. Se konsa mesye yo t'ap vire tounen adwat agoch, yo pa t' kapab jwenn kote pòt kay la te ye. De mesye yo pale ak Lòt, yo di l' konsa. Ki moun ankò ou gen nan lavil la? Pran bofi ou yo, pitit gason ou yo, ak pitit fi ou yo ansanm ak tout bagay ou gen nan lavil la, mete kò ou deyò. Nou pral detwi tout bò isit la. Seyè a te tande tout sa yo t'ap di sou moun lavil sa a. Li voye nou detwi l'. Lòt soti, li al jwenn mari pitit fi li yo, li di yo. Leve non, fè vit, ann met deyò. Seyè a pral detwi lavil la. Men bofi li yo te kwè se jwe li t'ap jwe. Kou jou pral kase, zanj Bondye yo leve Lòt pou l' fè vit. Yo di l'. Fè vit non, monchè! Pran madanm ou ak de pitit fi ou yo, met deyò. Si se pa sa, n'ap mouri tout lè Bondye ap pini lavil la. Lè yo wè Lòt t'ap kalbende, yo pran men li, yo pran men madanm li ansanm ak de pitit fi li yo, yo mennen yo andeyò lavil la, yo lage yo. Yo te fè sa, paske Seyè a te gen pitye pou Lòt. Apre zanj yo te fin fè yo soti nan lavil la, yo di l'. Sove poul ou, si ou pa vle mouri. Pa gad dèyè. Pa rete menm nan plenn lan. Kouri al nan mòn yo pou ou pa pase tou. Men, Lòt reponn li. O! Non, Mèt. Tanpri, pa mande m' tout sa. Gade, ou deja fè m' yon gwo favè. Ou moutre m' jan ou gen pitye anpil pou mwen. Ou sove lavi m'. Men, mòn lan twò lwen. m'a mouri anvan m' rive, malè a va gen tan rive sou mwen. Gade: ou wè ti bouk sa a? Li toupre. m'a gen tan rive la pou m' kache kò mwen. Tanpri, kite m' ale la. Ou wè se yon ti kote ki tout piti. Konsa m'a sove lavi m'. Zanj lan di l'. Dakò, Mwen fè ou favè sa a ankò: mwen p'ap detwi ti bouk w'ap pale m' lan. Kouri vit ale. Mwen p'ap ka fè anyen toutotan ou poko rive la. Se poutèt sa yo rele ti bouk la Zoa. Solèy te fèk ap leve lè Lòt rive Zoa. Lè sa a, Seyè a fè yon sèl lapli souf ak dife soti nan syèl la tonbe sou Sodòm ak Gomò. Wi, se Seyè a menm ki te fè sa. Li detwi de lavil sa yo ak tout plenn lan ansanm ak tout moun ki te rete nan lavil yo ak tout plant ki t'ap pouse nan tè a. Men, madan Lòt vire gade dèyè. Lamenm li tounen yon gwo estati sèl. Nan granmaten, Abraram leve, li ale kote li te kanpe ap pale ak Seyè a. Li voye je l' bò Sodòm ak Gomò, li wè tout plenn lan. Epi li rete konsa li wè gwo lafimen ap moute soti nan tè a tankou lafimen k'ap leve nan yon gwo founo dife. Se konsa, lè Bondye t'ap detwi lavil yo nan plenn lan, li chonje Abraram. Li fè Lòt chape anba malè li tapral lage sou lavil kote li te rete a. Men Lòt te pè rete nan bouk Zoa a. Se konsa, li menm ak de pitit li yo, yo soti Zoa, yo moute, y al rete nan mòn yo. Yo fè kay yo nan yon gwo twou wòch. Pi gran fi a di pi piti a. Papa nou ap fin granmoun. Pa gen gason nan peyi a pou marye ak nou pou nou ka fè pitit jan sa fèt toupatou. Vini non. Annou fè papa bwè diven jouk li sou. Apre sa, n'a kouche avè l'. Konsa, n'a fè pitit pou papa nou. Menm jou sa a, lè aswè rive, yo fè papa yo bwè diven jouk li sou. Pi gran fi a kouche ak papa l'. Men, papa a te sitèlman sou, li pa t' konn anyen. Nan denmen, pi gran an di pi piti a. Yèswa, mwen te kouche ak papa m'. Aswè a se tout pa ou: N'ap fè l' bwè diven ankò jouk li sou. Epi w'a al kouche avè l', pou nou de nou kapab fè pitit pou papa nou. Se konsa, lè aswè rive, yo fè papa a bwè diven ankò jouk li sou. Epi pi piti a kouche avè l'. Men, fwa sa a ankò, Lòt pa t' konnen anyen. Se konsa de pitit fi Lòt yo vin ansent pou papa yo. Pi gran an fè yon pitit gason, li rele l' Moab. Se li menm ki zansèt moun Moab yo ki la jouk koulye a. Pi piti a tout fè yon pitit gason. Li rele l' Bennami. Se li menm ki zansèt moun Amon yo ki la jouk jòdi a.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.