Nan konmansman, tout moun sou latè te pale yon sèl lang, yonn te konprann lòt. Apre yo pati soti kote solèy leve a, yo rive nan yon plenn nan peyi Chenea. Yo moute kay yo la, yo rete. Lè sa a, yonn di lòt. Mezanmi, vini non! Ann fè brik. Ann kwit yo nan dife. Se konsa, yo pran brik sèvi wòch pou bati kay, yo pran asfat sèvi mòtye. Apre sa, yo di. Annou wè! Ann bati yon gwo lavil pou nou rete ak yon gwo gwo kay tout won byen wo ki rive jouk nan syèl la. Konsa tout moun va respekte nou, yo p'ap ka gaye nou toupatou sou latè. Seyè a desann pou l' wè lavil la ansanm ak gwo kay won moun yo t'ap bati a. Epi li di. Koulye a, gade! Yo tout fè yon sèl pèp. Yo tout yo pale yon sèl lang. Gade sa yo konmanse ap fè. Talè konsa y'ap pare pou yo fè sa yo vle. Bon. N'ap desann, n'ap mele lang yo. Konsa, yonn p'ap ka konprann sa lòt ap di. Se konsa Seyè a gaye yo toupatou sou latè. Yo sispann bati lavil la. Se poutèt sa yo rele lavil la Babèl, paske se la Seyè a te mele lang tout moun ki rete sou latè, li fè yo pati, li gaye yo toupatou sou latè. Men pitit pitit Sèm yo. Dezan apre inondasyon an, Sèm te gen santan (0100 an) lè li fè yon pitit gason yo rele Apachad. Apre sa, li viv senksanzan (0500 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. Apachad te gen trannsenkan lè li te fè yon pitit gason yo rele Chela. Apre sa, li viv katsantwazan (0403 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. Chela te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Ebè. Apre sa, li viv katsantwazan (0403 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. Ebè te gen trannkatran lè li fè yon pitit gason yo rele Pelèg. Apre sa, li viv katsantrantan (0430 an). Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. Pelèg te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Reou. Apre sa, li viv desannevan (0209 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. Reou te gen tranndezan lè li fè yon pitit gason yo rele Sewoug. Apre sa, li viv desansetan (0207 an) ankò. Li fè lòt pitit gason ak pitit fi. Sewoug te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Nakò. Apre sa, li viv desanzan (0200 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. Nakò te gen ventnevan lè li fè yon pitit gason yo rele Terak. Apre sa, li viv sandiznevan (0119 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. Terak te gen swasanndizan lè li fè twa pitit gason yo rele Abram, Nakò ak Aran. Men pitit ak pitit pitit Terak yo: Terak te papa Abram, Nakò ak Aran. Aran te papa Lòt. Aran mouri anvan papa l'. Li mouri lavil Our nan peyi Kalde kote l' te fèt la. Abram ak Nakò te fè pozisyon. Abram marye ak Sarayi, Nakò marye ak Milka, pitit fi Aran. Aran te gen yon lòt pitit ankò yo te rele Jiska. Sarayi pa t' gen pitit, li pa t' ka fè pitit. Terak pran pitit li, Abram, pitit pitit li, Lòt, ki te pitit Aran, ansanm ak bèlfi li Sarayi ki te madanm Abram, pitit li. Li pati ak yo, li kite lavil Our nan peyi Kalde pou li ale nan peyi Kanaran. Men lè yo rive lavil Karan, yo te rete la. Se la Terak mouri. Li te gen desansenkan (0205 an).
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.