Men pitit pitit Ezaou yo. Se Ezaou sa a yo te rele Edon. Ezaou te chwazi fi nan moun peyi Kanaran yo pou madanm. Yonn te rele Ada. Se te pitit fi Elon, yon moun Et. Yon lòt te rele Olibama, pitit fi Ana, ki li menm te pitit fi Zibeyon, yon moun Evi. Li te marye tout ak Basmat, pitit fi Izmayèl la, sè Nebajòt. Se Ada ki te fè Elifaz pou Ezaou. Basmat te fè Reouyèl, Olibama menm te fè Jeouch, Jalam epi Kore. Se tout pitit sa yo Ezaou te fè antan li te nan peyi Kanaran. Yon jou, Ezaou pran madanm li yo, pitit gason l' yo, pitit fi li yo, tout moun ki te lakay li, tout mouton l' yo, tout kabrit li yo ansanm ak tou sa li te genyen nan peyi Kanaran, li pati pou yon lòt peyi byen lwen Jakòb, frè li. Li te fè sa paske tè kote li t'ap viv ansanm ak Jakòb, frè l' la, te vin twò piti pou yo. Yo te vin gen twòp bèt, yo pa t' kapab rete ansanm ankò menm kote a. Se konsa Ezaou, yo rele Edon tou, al rete nan mòn Seyi. Men pitit pitit Ezaou, papa moun Edon yo ki rete nan mòn Seyi a. Men non pitit gason Ezaou yo: Se te Elifaz, pitit Ada, madanm Ezaou, ak Reouyèl, pitit Basmat, madanm Ezaou tou. Men non pitit gason Elifaz yo: Se te Teman, Oma, Zefo, Gayetan ak Kenaz. Elifaz, pitit Ezaou a, te gen yon fanm kay yo te rele Timna. Se li ki manman Amalèk. Sa yo se tout pitit pitit gason Ada, madanm Ezaou. Men non pitit gason Reouyèl yo: Se te Naat, Zerak, Chanma ak Miza. Sa yo se pitit pitit gason Basmat, madanm Ezaou. Men non pitit gason Olibama, madanm Ezaou, te fè pou li: Jeouch, Jalam ak Kore. Olibama te pitit fi Ana, pitit fi Zibeyon. Men chèf branch fanmi pitit pitit Ezaou yo. Men non tout pitit gason Elifaz, premye pitit gason Ezaou a: Se te Teman, Oma, Zefo, Kenaz, Kore, Gayetan ak Amalèk. Yo tout te chèf. Se pitit Elifaz sa yo ki te chèf nan peyi Edon an: Yo tout se pitit pitit Ada yo ye. Men non pitit gason Reouyèl, pitit gason Ezaou a: Se te Naat, Zerak, Chanma ak Miza. Yo tout te chèf tou. Se pitit Reouyèl sa yo ki te chèf nan peyi Edon an. Yo tout se pitit pitit Basmat, madanm Ezaou, yo ye. Men non tout pitit gason Olibama, madan Ezaou: Se te Jeouch, Jalam ak Kore. Yo tout te chèf. Se chèf sa yo ki te pitit Olibama, madan Ezaou. Olibama te pitit fi Ana. Se te non tout pitit pitit Ezaou yo sa. Yo te rele Ezaou Edon tou. Se yo ki te chèf branch fanmi yo. Men non tout pitit gason Seyi, moun peyi Ori. Se yo menm ki rete nan peyi a depi lontan. Se Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana, Dichon, Ezè ak Dichan. Se chèf moun peyi Ori yo sa. Yo se pitit gason Seyi nan peyi Edon. Men non pitit Lotan yo: Se te Ori ak Eman. Timna te sè Lotan. Men non pitit Chobal yo: Se te Alvan, Manaat, Ebal, Chefo ak Anam. Men non pitit Zibeyon yo: Se te Aja ak Ana. Se Ana sa a ki te jwenn sous dlo cho yo nan dezè a, lè l' t'ap gade bourik Zibeyon, papa l' yo. Men non pitit Ana yo: Se te Dichon, yon gason ak Olibama, yon fi. Men non pitit gason Dichon yo: Se te Emdan, Echban, Jitran ak Keran. Men non pitit gason Ezè yo: Se te Bilan, Zavan ak Akan. Men non pitit gason Dichan yo: Ouz ak Aran. Men non chèf moun peyi Ori yo: Se te Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana, Dichon, Ezè, Dichan. Se te tout chèf moun Ori yo sa. Se yo ki te chèf branch fanmi moun Ori yo nan peyi Seyi. Men wa ki te gouvènen peyi Edon an, anvan te gen ankenn wa pou gouvènen pèp Izrayèl la. Bela, gason Beyò a, t'ap gouvènen peyi Edon. Yo te rele lavil kote li te rete a Denaba. Lè Bela mouri, se Jobab, gason Zerak la, moun lavil Bozra, ki te gouvènen nan plas li. Lè Jobab mouri, se Oucham, moun peyi Teman, ki te gouvènen nan plas li. Lè Oucham mouri, se Adad, pitit gason Bedad la, ki te gouvènen nan plas li. Se Adad sa a ki te bat moun peyi Madyan yo nan plenn Moab la. Yo te rele lavil kote li te rete a Avit. Lè Adad mouri, se Samla, moun Masreka, ki te gouvènen nan plas li. Lè Samla mouri, se Sayil, moun lavil Reyobòt bò gwo larivyè Lefrat la, ki te gouvènen nan plas li. Lè Sayil mouri, se Baalanan, pitit gason Akbò a, ki te gouvènen nan plas li. Lè Baalanan, pitit gason Akbò a, mouri, se Ada ki te gouvènen nan plas li. Yo te rele lavil kote li te rete a Paou. Madanm li te rele Metabèl. Se te pitit fi Matrèd ki poutèt pa l' tè pitit fi Mezarab. Men lis non tout pitit Ezaou yo ki te chèf ansanm ak non branch fanmi yo ak non kote yo te rete: Timna, Alva, Jetèt, Olibama, Ela, Penon, Kenaz, Teman, Mibza, Magdiyèl, Iram. Se non chèf Edon yo sa ansanm ak non kote yo te rete nan peyi a. Se Ezaou ki papa yo tout nan peyi Edon.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.